dplgbt

Lesbyèn, Ge, Biseksyèl, Trans (LGBT) osinon Madivinèz, Masisi, Fanm k ap viv ak fanm anmenm tan tou ak gason. Li se you kominote depi lontan ki ankriz pou sosyete wè yo tankou tout moun, respekte dwa yo. E k ap batay pou jwenn plas pa yo kòm sadwa sou latè san pèsekisyon. Kote anpil fwa yo viktim diskriminasyon, estigmatizasyon, inegalite, prejije ak vyolans fizik.

Okay 3zyèm vil peyi dAyiti, nan depatman sid, genyen you kantite LGBTI ki ap viv ladann. Nou dekouvri sa apati travay nou nan kominote a kòm jounalis radyo Vwa Klodi Mizo (VKM) sou pwoblematik dwa zimen depi plizyè lane. Kote anpil fwa nou rankontre ak yo, yo vini swa kòm endividi osinon kòm gwoup òganize tankou UPLCDS nan mikwo nou pou poze sitiyasyon dwa yo kòm LGBT nan zòn lan.

E konsa apati de you ankèt Radyo VKM sou evolisyon dwa moun nan Okay pi presizeman sou dwa LGBT yo soti fevriye rive jiyè 2019. Kote nou rankontre ak trbinal 1er enstans Okay la, Ofis pwoteksyon Sitwayen OPC, Lopital Ofatma Sid, UPLCDS etou, anviwon you dizèn Omoseksyèl ak kèk lòt moun nan popilasyon an. Avèk sa nou reyalize kesyon respè dwa moun sa yo se tankou you vè amwatye plen amwatye vid. E ki kapab se pa menm reyalite sa pou kèk lòt vil yo nan peyi a.

Se pou nou di lè nou swiv temwayaj ak aksyon moun yo, nan you sans nou kapab wè Kominote a lib nan òganize you seri aktivite nan espas lan, nan devlope derelasyon avèk kèk enstitisyon, kèk lidè nan zon lan tankou: Inyon pèsòn k ap lite kont diskriminasyon ak estigmatizasyon (UPLCDS an franse) genyen you biwo li byen vizib ak tout ansèy li ki nan ri kapital la e, li pa gen okenn atak ki fèt sou li.

Li toujou komemore kèk dat, youn nan yo 17 me jounen entènasyonal kont omofobi ki make kominote LGBT a ouvètman ak patisipasyon you bon pati moun nan sosyete a    (otorite nan leta, legliz, òganizasyon dwa moun, atizan, etidyan, laprès). San rankontre pwoblèm pou sa.

.Nan kèk medya nan komin lan LGBT yo patisipe lib elibè pou diskite sou dwa yo kòm omo. Radyo Vwa Klodi Mizo se youn nan medya yo ki toujou resevwa yo nan sans sa.

Yo nan espas lwazi yo nan komin lan osinon nan lòt komin nan depatman an menm jan ak tout lòt moun san twò gwo kè sote. Youn nan kote lepi souvan nou wè y ap distrè yo an piblik , afiche yo kòm omo se sou plas dam tòbèk la devan legliz la ak sou you plaj ki tou prè a, kote chak premye mèkredi nan mwa yo ou jwenn yo ak tout kalite moun nan depatman sid lan ki vin nan pelerinaj.

lgbtft

Nan you lòt sans parapò ak jan LGBT yo ap chache plas yo nan you nivo san fòs kote, la ou nan faz kote ou wè, diskriminasyon, estimatizasyon, inegalite ak vyolans fizik rive sou kèk nan yo. Menm lè nou konnen vyolans lan pa nan dimansyon wete lavi yo. Nan sans sa koze a te vin pran plis nanm ak:

Masisi Valdo Génésté ak trans Kenson Dorvilus ki di se konsa sa ye pou yo menm. Yo viktim tout kalite jouman ak mepri bò kote you seri moun osinon enstitisyon nan kominote a nan moman yo konnen se omo yo ye.

Kenson fè sonje you lè li te malad li te al chache swen nan youn nan lopital piblik nan komin lan pèsonèl sante yo pat deside bay li swen. Men se aprè kontak kèk moun ki gen non ki fè yo te deside vin bay li swen. Tout sa se paske yo rekonèt li kòm omo.

Valdo Génésté poze pwoblèm lè kèk nan yo viktim bastonad nan men kèk omofòb lè ou al depoze plent devan lapolis osinon lajistis akoz yo konnen yo kòm omo yo pa pran deklarasyon osinon lèt deplent yo nan men yo.

Selon Valdo ak kenson lè y ap mache nan lari gen kèk kote yo pase, si yo idantifye yo kòm omo kèk nan moun sa yo trete yo kòm moun sal, genyen nan yo konn rive tire kou sou yo. Sou pwen sa li you ti jan diferan pou kèk lòt omo. Genyen trans Kahana Eva Rose Charles li pa viktim de sa menm lè you seri moun konnen se sa l ye . Nan antèman mennaj li lakay li nan Okay nan fevriye 2018 li te sikile apye nan lari a, li pa kontraye pou sa. Sof genyen anpil moun ki kanpe debò lari yo kap gade li.

Valdo ak Kenson poze pwoblèm tou lè y al depoze seve pou you travay, paske yo wè se omo yo ye resepsyonis lan oubyen sekretè a pa resevwa seve a nan men yo, lè yo resi pranl lan, yo tann kou yo deplase epi lage li nan poubèl. Men genyen masisi Jasmin Désir ansyen kowòdonatè UPLCDS ki gen lontan l ap travay nan lopital jeneral ki pa viv sitiyasyon sa menm jan. Li fè remake li pa genyen pyès kontrayete nan travay lan menm lè kòlèg li yo konnen li se omo.

Masisi Mulet Museau aktyèl kowòdonatè UPLCDS pi gwo difikilte l nan mitan popilasyon Okay la li reyalize anpil nan moun yo pako janm klè omoseksyèl se you bagay ki natirèl. Kontrèman ak jan moun yo toujou panse se movè lespri, se maladi mantal, se vis oubyen defo. E sa kapab korije si yo swiv bon prensip Li santi li boulvèse lè moun yo panse konsa. Li konnen se konsa li fèt, paske depi li toupiti li pa genyen santiman pou you fanm, tout san li se pou gason parèy li. Nan sans sa li pa wè kouman sa kapab posib pou oryantasyon seksyèl li vin chanje.

Anreyalite li klè LGBT yo kelkelanswa fason yo poze pwoblèm yo, li rete you chòk andan kominote Okay la. Nan fason diferan kategori moun nan popilasyon an konprann yo.

Youn nan kategori twouve li anòmal pou LGBT yo defini oryantasyon seksyèl yo nan kondisyon fanm ak fanm, gason ak gason. Epi pou fanm transfòme yo an gason e, gason yo chanje yo anfanm sa se twòp radòt. Se you aksyon kontnati, bondye pat mete yo pou viv konsa. Se you seri moun ki pa swiv chemen bondye. Yo dwe konvèti. Toutotan yo pa chanje, yo pa gen plas yo nan sosyete a, yo pa gen okenn dwa, yo dwe disparèt. Gwoup moun sa yo ki reflechi konsa, se plis moun nou idantifye nan leglis kretyen yo sitou pwotestan. E konsa nou kapab swiv yo anpil fwa nan prèch y ap fè nan legliz, nan lari ak sou antèn estasyon kèk medya nan vil la. Konpòtman sa se posiblite pou ogmante ak ranfòse volim omofòb nan lokalite a.

ftlgbt

Lòt gategori a panse kesyon omseksyèl la se you bagay ki natirèl lakay moun yo. Yo pa dwe genyen you pinisyon pou sa. Se moun yo ye menm jan ak tout moun ki donk yo nòmal. E, yo genyen menm dwa ak tout moun. Yo dwe jwenn respè pou dwa yo menm jan sa fèt pou tout moun. Se kèk refleksyon ki plis sòti bò kote you seri enstitisyon oubyen gwoup altènativ etou, moun ki pa fèmen yo nan zafè relijyon osinon ki pa nan sèk relijyon. E konsa Feuillé Jamesnor you vodouyizan nan komin lan pataje ansanm lide sa yo. Li pwofite di tou se pandan li vin pran konesan desa ki LGBT a ki fè li alèz ak yo jounen jodi a, men avan lè li pa te ko pwan konesans sou sa li pa te vle wè yo. E nan sans sa nou wè you diskou konsa ak dekonstonbre diskou omofob yo nan kominote a.

Popilasyon nan jeneral kelkelanswa dezakò yo genyen sou prezans LGBT a nan espas lan. Sa ki sèten se moun yo ye. E li klè selon deklarasyon inivèsèl dwa moun ak konstitisyon peyi a tout moun genyen menm dwa. E dwa tout moun dwe respekte. Ki donk yo dwe jwenn plas pa yo nan kominote a menm jan ak tout lòt moun yo. Leta gen responsabilite pou li regle viv ansanm sa nan respè youn pou lòt.

E selon sa leta fè:Jiskounye a nou pa santi genyen you travay anjeneral k ap fèt bò kote enstitisyon leta Okay pou moun LGBT yo jwenn plas yo tout bon nan komin lan. E san yo pa dwe viktim okenn agresyon paske yo se omo.

Pa genyen twòp diferans pou jan sa ye jounen Jodi a parapò kèk lane avan yo. Nou swiv enstitisyon piblik yo pa vrèman genyen you pwogram k ap edike moun yo sou dwa zimen. Nan kad swivi ki dwe fèt lè dwa moun yo vyole, li sanble se pa priyorite yo sa . ki fè nou ap asiste aprèske menm rèl yo, menm repwòch yo kominote a kont pifò enstitisyon yo ki toujou pa trete yo ak egalite tankou tout moun.

Lè omo yo pèsekite al depoze plent pou otè yo se toujou menm chantaj yo jij osinon polisye bay yo kenbe. Ou mèt ale wa tounen demen, pa genyen moun ki pou resevwa plent ou a, machin lan pa disponib osinon li pa gen gaz.

Dwayen Pierre Ezeckiel Vaval pou tribinal premye enstans Okay selon konsta sa yo ki fèt sou jistis lan: Li rekonèt LGBT yo genyen dwa tankou tout moun e, dwa yo dwe respekte ak tout egalite san diskriminasyon. Men li trè difisil pou trete dosye yo sou baz LGBT, paske jis jounen Jodi a lalwa Ayisyèn pako lejifere sou sa. Tou senpleman yo aji sou dosye yo nan kad jeneral tankou tout moun ki devan lajistis. Li konsyan gen jij, gen polisye ki pa entèrese pran ka moun LGBT yo. Men li panse se you bagay yo dwe korije si yo vle rete onèt, paske lalwa se youn pou tout moun. Pou dwayen an volè pou edike moun yo nan dwa zimen tribinal la pa gen mwayen ase pou li rantre nan faz sa, paske sa ap mande yo anpil envesisman.

Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) you lòt enstitisyon leta nan Okay direktè adjwen li Sergot Pilorges fè remake nan tout entèvansyon y ap fè sou zafè dwa moun yo toujou defann, denonse ak sansibilize popilasyon an sou dwa LGBT yo kòm moun. E yo dwe tout respè kòm tout lòt moun nan espas lan.

Kritik sa yo ki ale jwenn sant sante yo nan komin lan. Direktè Ofatma sid Max Rudolph Saint-Albin lan konsyan gen reyalite diskriminasyon an vre nan nivo pèsonèl sante a ki pa trete moun yo ak ekite jan yo sipoze antre nan sèman Dipokrat la kèlkelanswa moun lan te èlmi ou, ou dwe bay li swen nan kondisyon sa sipoze ye. Sou baz sa pou LGBT yo jwenn swen an nan tout respè, li reyini ak tout estaf lopital lan sou prensip ak misyon yo kòm pwofesyonèl nan sèvis sante a. E li asire LGBT yo jwenn tout respè yo dwe jwenn kòm tout pasyan nan lopital sa.

Sosyete sivil lan nan komin lan genyen misyon pou fè presyon sou leta ak pou kontribiye nan edikasyon moun yo nan dwa zimen. Se toujou nan lespri pou tout moun jwi espas lan san fòs kote, nan tout diyite. Nan faz travay pa yo a nou remake:

Pa genyen twòp enstitisyon osinon òganizasyon nan sosyete sivil lan ki entèrese poze pwoblematik dwa LGBT yo nan komin lan. E kèk òganizasyon ak kèk medya ki afiche tèt yo, se youn de grenn ki vrèman detèmine pou poze pwoblematik dwa LGBT a nan komin lan.

UPLCDS k ap defann dwa kominote LGBT a jis nan dènye moman sa, batay li a plis mize nan fè pwomosyon dwa yo, nan kad òganize konferans, pòtapòt, seminè, patisipe nan emisyon, fè jounen ekspozisyon pou fè moun yo pran plis konesans sou sa ki LGBT a. Men nou pa santi genyen you batay k ap mennen bò kote UPLCDS pou angaje leta a, pou fòse leta pran tout dispozisyon pou kominote a jwi dwa yo nan tout libète san diskriminasyon, estigmatizasyon, inegalite.

Obsèvatwa Pou Egalite (OPE) li genyen you apwòch kote li mande pou leta respekte angajman li ak sa li siyen sou respè dwa moun nan kad jeneral kit andan peyi a kit nan nivo entènasyonal. E panse sa kapab you posibilite pou LGBT nan komin Okay la sispann pèsekite pou oryantasyon seksyèl yo. Men nou pa santi sa depase limit you pawòl ki di pou di. Kote ta sipoze genyen you seri aksyon pi konkrè ki poze, ki ta kapab pote dirijan yo fè sa yo dwe fè pou sitiyasyon an amelyore tout bon pou LGBT yo.

Babye yanb babye bit: nou rekònèt genyen you ti evolisyon ki fèt nan batay pou LGBT yo jwenn plas yo nan sosyete Okay la. Nou kapab mezire li nan nivo kote prèske anpil sektè nan popilasyon ap brase lide sou kominote LGBT a. Avan li te prèske rete you sekrè nan mitan omo yo ak kèk pwòch yo. Etou kote lavi sektè a pa vrèman andanje nan kad aktivite l ap mennen. Epi tou yo nan you pwovens kote genyen mwens vyolans sou omo yo parapò ajan lavi omo yo pèsekite nan pòtopwens. Men pou sa n ap chache kòm jwisans dwa yo nan tout entegralite li, nou genyen you dezè pou nou travèse. Sa mande Jodi a dwe genyen plis travay k ap fèt sou edikasyon popilasyon an anmas nan dwa moun anjenral sitou LGBT yo. Ak tou you travay enfòmasyon sou sa ki LGBT a. Sa ap ede nou dekonstonbre tout lide k ap konstwi omofòb nan mitan nou. E plis presyon ki dwe fèt sou leta a pou aplike lalwa nan kad pou pèmèt tout moun jwi dwa yo nan libète, egalite ak diyite. E san bliye tou pou fòse leta a lejifere sou tèks delwa k ap pwoteje enterè LGBT yo. Ansanm demach sa yo se pou pèmèt libète LGBT a grandi nan mitan moun yo nan komin Okay la. E pou tout rès peyia.

 

Jean Claudy Aristil.