• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

Se gany kouch popilè yo fè nan batay la k ap pèmèt yo wè chanjman yo espere yo. Men, se fason kouch popilè yo kontwòle pwòp batay yo, mete sou jan yo reve demen miyò a, k ap deside ki kalite chanjman y ap ka jwenn. An 1791-1804, pèp la t ap goumen pou libète ak yon sosyete egalego, rèv la pran kou nan asasina Desalin, men li toujou vivan nan mitan kouch popilè yo.

Kit se manifestasyon kont ogmantasyon pri gaz, kit se dosye PetwoKaribe, evènman politik peyi a ap viv depi mwa jiyè 2018 la ofri chak Ayisyen opòtinite pou yo sezi ki kalite dram peyi a ap viv. Evènman yo ofri yo posiblite tou, pou yo mezire nivo konsyans politik yo apati pozisyon yo genyen sou chak gwo kesyon ki nan deba politik la. Li enpòtan tou pou chak Ayisyen ka, alavans, wè ki posiblite chanjman ki ka vin jwenn sosyete a nan chak pwopozisyon. Epi yo va chwazi nan ki limit yo ka mete aspirasyon yo.

Lè nou konsidere deba k ap mache ak manifestsyon pèp la ap fè depi 6 jiyè 2018, nou wè gen yon pakèt pozisyon. Ant yon pozisyon ki di "bliye tout sa ki te pase" ak yon lòt ki mande "chanjman sistèm", nou wè gen yon latriye posiblite chanjman sosyete a ka jwenn. Genyen k ap rive lwen, genyen k ap fè sosyete a make pa sou plas.

Pozisyon 1 : Kite Jovnel fini manda li

Jeneralman, pozisyon "kite Jovnel fini manda li" a toujou makonnen ak pozisyon "kase fèy kouvri sa" a  nan dosye "Petwo Karibe" a. Nou ka jwenn li mare tou ak pozisyon "se tout moun k ap vòlè", "se pa sèl Mateli ki vòlè" oswa "nou tout koupab". Pawòl sa yo tradui pozisyon moun ki bezwen viv nan lapè pou okenn mouvman pwotestasyon pa vin kontrarye aktivite toulejou yo ni deranje enterè yo. Pifò Ayisyen ki reflechi konsa konprann se moun k ap fè manifestasyon yo k ap kraze peyi a. Egzanp :boule kawotchou manje alsfat wout yo ak lari yo.

Pozisyon 2 : Kote Kòb Petwo Karibe ?

Sòti nan pozisyon "kite Jovnel fini manda li" rive nan pozisyon "Kote Kòb Petwo Karibe a ?", gen yon pakèt nyans.

Èske gouvènman Jovnel la ka fè Pwosè Petwo Karibe a ? Gen yon gwoup moun ki nan Petwo Karibe ki vle se gouvènman Jovnel la ki pou ògnize pwosè a. Tandans sa a nou jwenn li lakay anpil jèn atis ki idantifye tèt yo kòm "Petro Challenger". Gwoup moun sa yo pa dakò pou lòt gwoup vin melanje revandikasyon Petwo Karibe a ak lòt revandikasyon politik, sitou mande pou Jovnel ale. Gwoup moun sa yo pa vle pou politisyen vin patisipe nan revandikasyon Petwo Karibe a. Pou anpil nan Petro Challenger yo, tout politisyen yo travay pou yo mete peyi a kote li ye a. Yo p ap asepte okenn politisyen vin pran woulib oswa vin chache lidèchip nan mouvman Petwo Karibe a.

Pozisyon 3 : Pwosè Petwo Karibe san gouvènman Jovnel  ?

Gen yon lòt gwoup ki deklare gouvènman Jovnel la pa ka fè pwosè a paske gouvènman Jovnel la se pitit gouvènman Mateli a ki kraze pifò nan fon Petwo Karibe a. Gwoup òganizasyon ki sou pozisyon sa a chita agiman yo sou yon seri inisyativ Prezidan Jovnel pran touswit li fin monte sou pouvwa a, egzanp : chanjman lwa UCREF la, ki pase anba kontwòl dirèk Prezidan an. Anvan sa, UCREF te yon òganis endepandan. Li chanje direktè ULCC a, li mete yon ansyen minis Mateli nan tèt ULCC; li mete yon pakèt moun ki annafè ak lajistis pou zak koripsyon kòm Direktè Jeneral nan tèt yon seri enstitisyon (Ministè Enteryè, Ministè Ayisyen k ap viv Aletranje). Se etan li nan peyi Lafrans Prezidan Jovnel deklare li gen kontak toupatou ki ka ede l bloke dosye Petwo Karibe a (Le Nouvelliste 15 desanm 2017). Gen yon pèsonalite Palè Nasyonal te kontakte pou pòs minis, apre manifestasyon 17 oktòb la. Moun sa a rapòte, se devan Mateli ak Jovnel li pase entèvyou pou yo te konnen si li ka pran pòs la. Sa vle di, Prezidan Jovnel toujou ap pran lòd nan men Mateli, malgre Mateli prèske pèdi tout enfliyans politik li nan peyi a.

Pozisyon 4 : Konferans Nasyonal ?

Sèten òganizasyon sosyopolitik pwofite makonnen òganizasyon pwosè Petwo Karibe a ak lide Konferans Nasyonal la. Se yon lide defen Turneb Delpé ap defann nan peyi a depi nan ane 90 yo. Pou patizan konferans nasyonal yo, si yon ekip mafya ka disparèt 3.8 milya dola meriken nan peyi a, se paske gen yon sistèm politik ki chita sou koripsyon depi lontan ki pèmèt sa fèt. Men, analiz la ale pi lwen toujou. Analis politik yo konstate gen yon malèz nan sosyete a ki anpeche peyi a pran kap devlòpman li. Nan dewoulman istwa peyi a, gen twòp blesi ki make sosyete a ki anpeche klas sosyal  yo chita ansanm. Youn nan java ki fann sosyete a an de (2) se zak sasinay yo fèsou Desalin an 1806. Se apati zak sasinay sa a peyi a pral pran de wout diferan, yon sèl sosyete pou de (2) nasyon. Apre zak sasinay sou Desalin nan, peyi a pral viv lòt blesi toujou.

Pou patizan Konferans Nasyonal yo, peyi a pa ka kontinye nan chema sa yo. Moman an rive pou tout sektè yo mete tèt ansanm pou yo fè yon konferans nasyonal pou yo bay peyi a yon direksyon. Kouman sa pral fèt ? Pèsonn poko konnen, men tout sektè "òganize" nan sosyete a ap genyen pou yo pote revandikasyon yo nan yon gwo woumble nasyonal. Diskisyon sensè, tèt frèt, k ap fèt nan woumble yo ap pèmèt peyi a sòti ak yon seri desizyon ki konsènen avni peyi a pou peyi a ka gen lapè, pou envestisè etranje ka debake vin envesti nan peyi a.

Pi gwo repwòch yo fè demach Konferans Nasyonal la se dèske li se yon demach ki vini apre konsta difikilte pati politik yo genyen pou yo fonksyone nan sosyete a. Konferans Nasyonal la ap ofri pati politik yo okazyon pou yo vide rankè youn gen pou lòt apre koutba youn ap pran nan men lòt.

Dezyèm repwòch yo fè demach Konferans Nasyonal la se feblès pouvwa konvokasyon pati politik yo ki pa gen baz sosyal reyèl. Si nou gade aspirasyon diferan klas sosyal oswa kouch sosyal yo nan peyi a, l ap difisil pou nou jwenn ki pati politik yo ka asosye ak ki kouch sosyal oswa klas sosyal nan peyi a.

Twazyèm repwòch yo fè demach Konferans Nasyonal la se nayivte ki nan pwopozisyon an kote pwomotè yo konprann gwoup sosyal k ap pwofite sistèm politik ak ekonomik la pral pote tèt yo tankou mouton pou yo vin rebat kat, kaba enjistis, peye taks, sispann fè kontrebann, repatisyon ekitab resous peyi a, eks.

Konferans Nasyonal la se yon batay ki toujou la, an pèmanans, nan sosyete a, men se bèbè k ap pale ak soudè kote pèsonn p ap tande sa lòt ap di. Kouch sosyal dominan yo p ap kite privilèj disparèt nan yon senp konferans nasyonal, mete sou sa anpil enpòtatè se etranje k ap esplwate yon paspò ayisyen.

Chak gwoup sosyal, chak kouch sosyal ap eseye fè lòt yo tande aspirasyon yo ak revandikasyon. Men, se sèlman lè rapò fòs yo jwe an favè kouch popilè yo chanjman kouch popilè yo ap tann yo ap posib.

Pozisyon 5 : Chanjman Sistèm yo ?

Se rapò fòs ki rezoud pwoblèm ki genyen nan mitan klas sosyal yo.

Gen anpil diferans nan mitan pansè k ap mande chanje sistèm yo. N ap rete sou chanjman sistèm ki chita sou yon Leta ki òganize pou li rezoud gwo pwoblèm popilasyon an (manje, lekòl, sante, kay).

Pou kouran politik sa a, dram peyi a sòti nan zak sasinay ki fèt sou Desalin nan ak tout lòt revolisyonè ki te pataje vizyon li yo. Se zak sa a ki fè pèp la fè de (2) nasyon nan yon sèl sosyete. Fondamantal mas ansyen esklav yo te  chita sou prensip Bwa Kayiman yo (pa gen moun pase moun, si gen pou youn gen pou de (2)). Lide sa yo toujou vivan nan mitan kouch popilè yo.

Kèlkeswa chanjman yon sosyete ka fè, li pa ka ale pi lwen pase pawòl ki di "pa gen moun pase moun" nan, ki se fondman aspirasyon Bwa Kayiman an. Se aspirasyon sa yo, ansyen lib yo toufe nan zak sasinay yo fè sou Desalin nan. Apre asasina Desalin nan nouvo mèt peyi a pral fè Kòd Nwa a tounen Kòd Riral pou nouvo lib yo.  Ansyen lib yo pran kontwòl Leta a, nouvo lib al viv esperyans egalite yo, nan mòn yo, dèyè do Leta a. Dram peyi a chita sou enkonpatiblite de (2) aspirasyon depaman sa yo ki make diferans vizyon ki te egziste nan mitan Ansyen Lib yo ak Nouvo Lib yo. Ansyen lib yo konstwi yon Leta apated apati Kòd Nwa a olye yo onore aspirasyon egalite lejitim Nouvo Lib.

Se chwa apated la ki esplike Leta a pa gen sèvis disponib pou kouch popilè yo, nan kèlkeswa domèn nan : dlo potab, edikasyon, sante, lojman, enfrastrikti, eks. Se reparasyon enjistis sa yo ki dwe fèt kòm transfòmasyon nan sosyete a. Yo dwe fèt nan tout fòm, nan tout dimansyon materyèl, sikolojik, sosyal yo ka pran. Si nou wete "kase fèy kouvri sa", batay kouch popilè yo travèse tout pwopozisyon yo chanjman yo.

Konsa, chanjman sistèm nan vle di kaba sistèm apated la pou kilti pèp la ak lang pèp la ka epanouyi nan sosyete a; chanjman sistèm nan vle di, yon lòt òganizasyon ekonomi peyi a ki pou fokis sou byennèt chak Ayisyen; chanjman sistèm nan vle di yon lòt sistèm politik ki pou ankouraje popilasyon patisipe nan lavi politik peyi a.

 

Pierre Michel Chéry

20 novanm 2018

                                                                                                                                                                                                                       

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Thursday - December 13, 2018

Weather: -273°C

{audio}http://108.178.13.122:8014/listen.mp3.m3u{/audio}

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 36 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch