• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

 

6,7,8 jiyè 2018 lan yon lòt leve kanpe plizyè sektè andan peyi dAyiti kont fason dirijan yo ap mennen bak peyi a. Gwo pèp lan parèt pi vizib nan poze  aksyon: limen flanbo kont eksplatasyon, diskriminasyon, eksklizyon, lavi chè, mizè ak kouri dèyè boujwa/dirijan ganstè.

 

Konsa tou genyen boujwa  anba chal ki atake lòt boujwa pou zafè plis privilèj yonn genyen parapò a lòt andan gouvènman Jovenel Moïse/Jack Guy Lafontan. San bliye palman ak klas politik  ki vante dife sou kote jis pou glise po fig mi anba pye premye minis lan annatandan, e avèk lespwa pi devan pou voye jete prezidan an. Ansanm fristrasyon sa yo debouche sou yon dechoukay kote kèk moun pèdi lavi yo, piyaj plizyè antrepriz komèsyal, barikad avèk flanm dife nan lari yo. Evenman sa vin ogmante plis enkyetid lakay plis moun kote yon bon maten  yo panse yo kapab tonbe sou yon leve kanpe pi rèd ke jan sa te ye.

 

Sa pat pran tan pou fòs anti chanjman itilize tout estrateji posib nan.  fè represyon, lage tout kalite diskredi, konfese tò yo ak fè tout kalite manipilasyon pou dewoute lit mas la e pou reprann kontwòl sitiyasyon an.

 

Alamaskay depi menm jou evenman yo cha degè plis pikòp merins meriken yo nan lari ap monte desann. Kore gwoup (le Core group) pase pran Lòganizasyon dènasyon zini (l’ONU) osinon anbasad nan 12 jiyè 2018  akize, malerèz/malere yo kòm vyolan. Fond Monétaire International (FMI) jedi 12 jiyè rapid rapid klewonnen nan mas medya mezi kont yo , wè pa wè sibvansyon gaz la ti kras pa ti kras fòk gouvènman an retire kò l ladann. Komisè gouvènman pòtopwens nan Ocnam Clamé Daméus sou lòd patwon l ak pou fè tèt li plezi nan 11 jiyè a anonse nan yon konferans pou laprès li arète plis pase yon 60 tèn moun ki patisipe nan leve kanpe a  y ap pase 10 jiska 15 lane prizon pou enplikasyon yo nan piyaj, ensandi ak detwi byen boujwa yo. Mas medya a pòt li te deja rete louvri ap tann reyaksyonè k ap vin di pawòl piman bouk kont pèp la, kòm kwa dire aksyon sa kont demokrasi.

 

Palemantè yo menm se kounye a kèk nan yo ap reyalize fòk yo ta diminye nan privilèj pa yo  eke, eke twòp lajan k ap depanse pou palmantè yo eeee…pandansetan pi fò pèp la menm manje yo pa ka manje. Jovenel fè konprann avèk nouvo premye minis nan li pral mete yon seri enfrastrikti ak ekstrikti sou pye pou kaba lamizè. Réginald, Erol et Hantz Boulos nan vandredi 3 dawou 2018 lan ki ta deja egzije pou salè minimòm travayè yo monte nan 1000gd jan ouvriye nan teksil yo mande sa. Oum...bagay yo mele, sa cho.

 

Konsa tou zago loray yo pwofite glise pawòl ann koupe fache ak jan nou menm dirijan abitye mennen bak peyi a pou nou bati yon pwojè nasyonal  ki konsilye enterè gwoup yo. Kòm kwa dire ou kapab mete eksplwate ak eksplwatè yo nan menm sak. Nou pa wè non nou te kapab bay sa sinon nou ta di se demagoji nèt al kole. Koze sa parèt  pi pwenti nan dyòl bèk fè nonm fizyon sosyal demokrat lan Rosemond Pradèl apati entèvansyon li fè sou antèn altèradyo (Altèprès) 3 dawou 2018 lan.

 

se sou baz sa laprezidans/palman ak klas politik lan  yo voye premye minis Jack Guy lafontan nan kanpe lwen.  Komite Pilotaj ak Sekretaya Teknik Òganizasyon Eta Jenewo Nasyon an (EGSN) rankontrè ak lidè kominotè nan yon seri katye polilè nan potopwens mèkredi 8 dawou a, nan lojik pou idantifye kèk bezwen moun yo tankou: Sant fòmasyon teknik e pwofesyonèl, sant lwazi, pwogram pou deboure kannal elatriye.

 

Answit se nan kondisyon sa tou dirijan yo pral nome Jean Henry Céant pitit pati lavalas nouvo premye minis. Men nou wè pwoblèm eksplwatasyon, dominasyon, eksklisyon mas pèp nan pa nan demach lan epi tou pwoblèm pou distribisyon richès lan fèt  e yon fason ekitab antre tout moun, e sispann rete gonfle nan men anviwon 7 fanmiy nan peyi a pa poze.

 

Lòt bagay ki pi rèd nan sa k ap fèt lan, se gwo blakawout responsab yo fè sou kesyon jere y ap chaje jere fristrasyon kèk boujwa ak privilèj tou pou yo pa pete plis lòbèy parapò a Boulos yo kote yo ta deja tire pye pou sa. E tou se asire kèk palmantè ak politisyen y ap bay yo plis espas nan pouvwa a pou yo pa kontinye  mete lwil sou dife. Si nou ta vle bay yon non ak sa nou wè la ta kapab di se yon melimelo ki monte pou rezoud diferan ki genyen antre reyaksyonè, esplwatè, konwopi k ap kore enjistis ak inegalite sosyal ki genyen sou do pifò moun ki la.

 

Ebyen mannèv sa ede pouvwa Jovenel lan kalme tansyon an pou kounye a. Men pouvwa rete toujou fèb nan limit pou l gen konfyans pou fin fè rès manda li a. Paske sitiyasyon an toujou rete difisil pou pouvwa jere kèk lòt politisyen ak kèk òganizasyon politik, popilè ki kontinye mande depa li.

 

Pandan  moman sa reyaksyonè ap mete tout grif deyò pou remonte pant lan  nou pa santi tout bon genyen aksyon k ap mennen sou bò mas lan pou dekonstonbre sosyete ak fòs kote sa. Gwo pèp lan li menm antre nan nich, pliye ke li, 2 je l kale san di sa li wè ak sa li pa wè, sa li santi. Se kèk òganizasyon defansè dwa moun  nan peyi a, nan jou sa yo la kontinye kondane, denonse tout zak otorite sou vyolasyon dwa moun k ap pwoteste anfas leta a, kont sistèm peze souse a. E konsa tou y ap mande pou yo rezoud pwoblèm mizè a, answit liberasyon san kondisyon tout moun yo arete nan sans sa.

 

Epi kèk ògnizasyon popilè nan fason yo melanyon kò yo ak kèk politisyen k ap mande depa pouvwa yon bagay ki parèt anplis nan sa òganizasyon dwa moun ap poze yo.

 

Òganizasyon popilè sa yo nan kad batay lan nou remake nan:

 

- Mete y ap mete ansanm ak lòt aktè pou mennen kèk aktivite yo bay lanmen anpil fwa ak

 

- Aktivite tankou grèv, sitin y ap òganize  pa efikas nan momman an parapò a revandikasyon mas lan e san yo pa gade ki aksyon gwo pèp lan pare pou li. E san panse  opozisyon patripòch lan p ap pote kole sizoka aksyon sa yo t ap poze pwoblèm pou fini ak sosyete eksplwatasyon an. Answit analize grèv la pou li pran gen 2 eleman pou nou pati sou li. Youn ladann se boujwa ki nan biznis komès ak transpò a ki pou ta fèmen aktivite yo nan jou a. Men kounye a yo pap fè sa paske van vire, yo tout espere y ap gen prilèj pa yo nan men laprezidans. Lòt zèl kat lan    òganizatè yo dwe kapab brave danje devan patwouy merins meriken ak lame/lapolis nasyonal dAyiti pou l aji avèk fòs anpeche biznis yo fonksyone, paske premye zèl nan fo.

 

- Mesaj k ap degaje yo se plis diskou ti boujwa konsèvatè melanje ak tout kalite bonmas, madigra ki devan k ap mande depa prezidan Jovenel Moïse. Diskou gwo pèp la ki nan lari a, nan katye popilè yo ki sipoze yon desizyon pou eradike tout boujwa, disparèt palman, pouvwa jidisyè ak egzekitif lan ou prèske pa tande l 

 

- Wout batay òganizasyon popilè yo ranfòse pwojè pakèt makawon yo ki se retire pye pa w banm mete pye pa m  nan kenbe sosyete k ap souse san sa ki pi mal yo. Move zafè sa yo la depi ti konkonm t ap gwoumen ak berejèn ki abitye konplote kont gwo pèp la, itilize yo kòm pon pou afè pèsonèl yo. Ki donk nou ta kapab di y ap fè jwèt sistèm nan san yo pa rann kont. Kapab tou se byen konte mal kalkile  nan mete ansanm sa, pou gonfle fòs sa, se gaspiye enèji, se yon tan pèdi, se kont nati, se yon skandal. Estrateji oubyen taktik sa pa mennen pwojè gwo pèp la pi lwen ke kote li te ye. Men kòm genyen yon ti dòmi ki t ap pase nan zye militan sa yo. Nou panse kounye a dòmi an pase. San wont je omwen  nan revèy yo, yo wè nan ki kalite vomisman y ap benyen. Kounye a desizyon pou yo soti a… A se yo menm atò. Men kesyon kontinye naje nan vomisman sa se siy k ap montre chwa sa pa te inosan, e gwo pèp la p ap pran sa nan men nou.

 

 

E pou òganizasyon dwa moun yo lè nou gade sèl bagay yo kapab fè se akonpaye viktim sou yon seri bezwen ki pi ijan ki ka pwoteje lavi yo ak ede yo reprann aktivite nòmal. Aprè se denonse e mande dirijan  pou pwoteje ak respete valè dwa moun. Sa vle di li pa ka ale pi lwen pase sa.

 

Gwo pèp lan aksyon pa l yo andan evenman an ki pa sipann kreye kòmantè li disparèt kou yon kout zèklè kouman sa fè rive? Nan eseye analize sa ki kale l ak karaktestik li nou ta vle konprann. Gwo pèp lan,  espas batay demokratik boujwa yo mete pou li a toujou panse se pou lè yo bezwen pase pran l pou asasinen l, lè sa li tou la. Ou konnen li abitye chode deja li oblije veye kò l pou l pawè dènye vandredi anvan premye vandredi .

 

Si nou gade byen anpil fwa lè gwo pèp la nan espas batay sa yo gwo jounen se lè ti boujwa  melanje ak gwannèg nan lari pou afè pa yo e konsa li konn pwofite soti nan twou l, fè yon kou epi retounen kote l te soti a si yo pa gentan twe l. Se pou n ka di  istwa batay gwo pèp la toujou rete atache nan gwoumen kolonyal, nan lagè pou liberasyon eksklav yo. Se yon lit ankachèt, yon batay mawon ki pa nan danse kole ni deprè ni delwen ak lènmi li. Se desann pi souvan nan fè nwa boule, piye byen, koupe tèt kolon epi retounen nan nich li. E se sa k fè nou wè Jodi a gwo pèp la batay li se boule kawouchou, bloke wout, piye, ensandye biznis, kouri dèyè eksplwatè. San se pa sa nou pa p jwenn li nan kad batay nou di n ap mennen pou mete yon fen nan sistèm eksplwatasyon an si se vre, nou pa nan manti. Egzanp lan byen klè pou 6,7,8 jiyè 2018 lan kote li siprann ak grafiyen esplwatè yo.  Eben se konsa li defini estrateji ak taktik batay li.

 

Kriz konjonktirèl yo pa dwe yon batay k ap trennen lidè gwo pèp lan, nan pwojè reyaksyonè yo. Kote aksyon y ap mennen yo pa menm rive souke sistèm lan, jan nou konstate sa nan dènye jou sa yo.

 

Men li ta dwe yon okazyon pou nou chita sou kontradiksyon ki nan mitan eksplwatè ak dirijan abolotyo pou nou ranfòse batay mas la. Kote n ap gade nan mezi posib nou kapab mete ansanm ak yo nan lespri pou ede al pi lwen plan batay ki se konbat inegalite sosyal sou tout fòm.

 

Sou baz sa nou ta sipoze ap asiste nan moman sa òganizasyon popilè sa yo ki nan tete lang ak politisyen sanguinè t ap nan ede gwo pèp  lan nan òganize, alimante pi byen diskou limen flanbo kont leta enjis sa. Pou konnen ki pi bon estrateji, fòmil batay li kapab devlope pou bloke move je yo nan tout sa y ap kontinye mete kanpe pou kenbe yo nan chenn eksplwatasyon an.

 

Fòk nou di gwo pèp lan eseye deja ak demach batay kapatalis osinon kolon defini bay yo a, depi plis pase 200 zan nan modèl demokrasi boujwa ki se: anplis sa nou site deja  mach pasifik, petisyon, nòt pou laprès, eleksyon, referandòm elatriye. E ki se anba kontwòl kolon sa ap fèt, sa pa ede yo vanse, anyen pa janm regle pou yo . Si genyen pou viktim lè konsa se yo menm.

 

N ap mande pou ki rezon moun ki di y ap akonpaye mas lan nan batay pou li soti anba grif nouvo kolon sa yo la pa entèrese vre nan aplike kalite batay esklav yo te mennen ki te libere nou menm pitit nouvo lib yo. Sou baz sa nou ta kapab imajine se laperèz pou chèf yo pa di nou ap fè vyolans, dezòd, nou pa respekte demokrasi, nou se kannibal. Se sa k fè nou prè pou nou respekte tout sa yo defini kòm lalwa, demokrasi epi tou sispann abiye n ak relijyon yo  k ap mete nou nan plis konfizyon, fè nou vin plis reyaksyonè. Alatraka manman. Ki batay, batay sa ye la e ki jan n ap rive dekonstonbre enjistis sa?

 

Gwomen pou liberasyon total Kapital mas yo se modèl batay esklav nan koloni Sendomeng ki pi vanse kapab mennen batay malerèz/malere yo nan laviktwa jiskounye a, depi plis pase 200 zan li te retire nou anba pat kolon blan. Se pou nou fè  konnen sa n ap viv nan pozisyon k ap pran la kounye a pou rezoud kriz. Se yon sèn ki abitye dewoule nan peyi a. Lè ou swiv byen se menm fòm leve kanpe yo ki toujou debouche sou menm rezilta yo. San nou pa desann twò ba nan evenman pase yo. an nou pran kèk ki pi pre nou san nou pa bezwen antre nan detay tankou: Leve kanpe mas pèp la pou voye prezidan Jn Claude Duvalier ale nan 1986, nou pa vle menm di rejim Duvalier a nou te wè se menm aktè yo nan rejim nan ki te vin asire pouvwa. Leve kanpe kont pouchis jeneral Raoul Cédras nan  1994, kont prezidan Jean Bertrand Aristilde nan 2004, kont premye minis Jacques Edouar Alexis nan 2008, kont Michel Marthelly nan 2016. E leve kanpe 6,7,8 jiyè 2018 lan. Nou pawè se agranman ki ranplase agranman, gwo pèp lan pa benefisye anyen.

  

Li enpòtan tou andan batay sa pou analize kouman demagòg ap jwe ak konsèp yo pou kreye konfisyon nan tèt mas yo. Jodi a nou kapab dekouvri nan sa k pase  6,7,8 jiyè a jan reyaksyonè ap pwolonje diskou kouman lidè mas yo kapab mete ansanm ak boujwa revolisyonè pou batay kont enjistis, inegalite sosyal ak eksplwatasyon. N ap di sa pa kòrèk, li pa posib.

 

San grate tèt lè nou pran boujwa pou sa li ye. Se yon seri patwon k ap eksplwate fòs travay travayè pou yo kapab pi rich. La yo pa gen menm enterè, yo pa kapab batay ansanm kont eksplwatasyon. Nan batay sa youn deja anfas lòt. E tou selon jan bagay la ye la, pou yon moun ki boujwa pwan wout revolisyonè fòk li sispann boujwa. Se pou nou di w se sa ou ap mennen kòm aktivite osinon sa ou ye kòm moun ki fè ou boujwa. Se pa nèg rete konsa ou boujwa oubyen se paske ou se moun ki fè ou boujwa. Se pou m di nou fè atansyon pou nou pa tonbe nan pyèj mete malfini ak poul nan menm sak la. Nou konnen lè sa rive kisa kipase, lè ou tonnen nan sak la menm plim poul lan ou pa p jwenn.

 

Nan tout verite nou pa ta ka panse evenman sa ta pwal pèmèt kondisyon lavi pifò moun k ap soufri  yo amelyore. Paske lè nou gade byen se yon batay ki fèt sou piyaj makèt, mete dife nan biznis, bloke lari ak barikad epi sa rete la. Aksyon yo pa rive nan pwen pou  disparèt reyaksyonè yo. E menm pou ta kapab se yo menm menm ki retire dirijan san vègòy yo. Sa ta vle di rive retire ak mete dirijan yo ta vle mete ak fòs pa yo ki ta sipoze se moun ki soti nan mitan yo ki angaje nan menm koz nan ki vin okipe plas yo. Lòt zafè se batay kont boujwa yo, nan batay sa a boujwa yo pa ta dwe gen posiblite ankò pou yo vin kontinye pwan pye la e pou yo ta menm panse yo kapab vin rapousib ak sosyete eksplwatasyon sa. Kòm se pa konsa sa te fèt, eben se  konsa sa t ap toujou fini. Wout ou pran ou deja fè lide nan ki kote l ap mennen w. Li klè jan gwo pèp lan deja anonse li se mennen batay lan nan chimen revolisyon pou kraze leta sa ki kont enterè mas lan k ap pèmèt yo soti nan sa yo ye la.

 

Jean Claudy Aristil

sous imaj Alterpresse

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Friday - September 21, 2018

Weather: -273°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 12 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch