• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

 

Popilasyon peyi Salvadò manifeste nan lari pou sipòte Asanble Lejislatif la nan San Salvadò, pandan ane 2017.  Kongrè Salvadò vote yon lwa ki entèdi aktivite min metal.  Yo fè konnen endistri min metal gen gwo enpak negatif sou anviwònman ak sante popilasyon an.

Apre tranbleman tè 2010 la ki te devaste Ayiti—li touye plis pase 200,000 moun epi li fè plis pase yon milyon moun pèdi kay yo—gouvènman Ayisyen idantifye sektè min, espesifikman min lò ak lòt metal, tankou yon sektè nesesè pou ranfòse ekonomi peyi a. 

 

Nan objektif sa a, gouvènman an ak Bank Modyal te revize lwa minyè a pou fè li plis atire evestisman etranje.  Pwojè lwa sa a, ki te prezante devan Palman an mwa jiyè epi k ap tann vòt palman an, fèt san patisipasyon òganizasyon anviwònmantal ak òganizasyon dwa moun nan peyi Dayiti ou dimwens san patisipasyon sosyete sivil la.

 

Mank transparans nan pwosesis reekri lwa a fè nou enkyete parapò ak ki enterè pwojè lwa sa ta ap defann.  Konpayi Kanadyen ak Ameriken te deja resevwa pèmi pou eksplore lò, kwiv, ak lòt metal nan mòn nan gran nò peyi a.  Menmsi nou pa konnen egzakteman ki kantite resous natirèl ki anba tè peyi a, gen kèk estimasyon ki di  li $20 milya.  Si pwojè lwa a pase, li pral pemèt premye min metal endistryèl konstwi nan peyi a.

 

Eksperyans peyi ki pòv men ki plen resous anba tè nan mond lan montre nou li pa fasil ditou pou fè resous natirèl vin yon richès piblik.  Aktivite min pote anpil risk, epi souvan li echwe.  Aktivite min metal konn kontamine dlo, ogmante ensekirite, degèpi plizyè mil moun, epi fè dega sou tout  ekosistèm pandan tout yon jenerasyon, menm nan swadizan gran peyi oubyen peyi ki pi devlope.  Lè nou konsidere tout vilnerabilite peyi Dayiti ap fè fas, aktivite min ta ka bay Ayiti yon gwo frap anviwònmantal  li pap ka repare.  Gen anpil eleman ki montre anviwònman peyi Dayiti se degrade pase tout lòt peyi nan emisfè a.  Kòz la se plizyè dizèn ane kote enstitisyon Leta pa gen ase lajan pou byen fonksyone, kote otorite Leta pa byen jere anviwònman, epi move envestisman etranje lakoz pwoblèm yo mal abòde epi vin pi grav.  Gouvènman ayisyen an montre li pa prepare pou li rakanpe peyi a apre katastwòf natirèl yo tankou siklòn, sechrès, ak tranbelman tè.  Anfèt, menm nan moman kote pa gen katastwòf natirèl li pa bay sèvis debaz: Plis pase mwatye abitan nan zòn riral yo  pa gen aksè ak bon kalite dlo pou yo bwè.

 

Ayiti se youn nan peyi ki gen plis moun k ap viv ladan l nan Amerik la.  Ayiti gen gwo pwoblèm lojman ki lakòz gen yon mank kay pou moun rete epi tè pou fè agrikilti ak jaden deja limite.  Majorite moun viv nan vil iben ki chaje moun oubyen nan zòn riral ki konn lwen lekòl, lopital, ak lòt sèvis leta.  Konstwi yon min ap ekzije pou deplase plizyè santèn  oubyen plizyè milye fanmi.

 

Gouvènman pa gen ni resous ni volonte pou byen defann enterè popilasyon an.  Otorite Biwo Min ak Eneji di mwen yo sèlman vizite kominote lè konpayi a bay yo yon woulib machin pandan travay eksplorasyon y ap fè nan diferan kominote yo gen pèmi pou eksplore lò.  San okenn regilasyon, konpayi entènasyonal yo montre yo pa motive pou panse pi lwen pase garanti pwofi yo. 

 

Ayiti se yon peyi ki chaje ak koripsyon.  Ane pase, rapò Sena akize ansyen otorite leta ki disparèt plis pase $2 milya nan fon PetroCaribe.  Transparans Entènasyonal, yon òganizasyon ki la pou konbat koripsyon nan mond lan, di Ayiti se dezyèm peyi pi koronpi nan peyi Amerik yo.  Divizyon ant moun rich ak moun pòv an Ayiti depase grav, epi mas popilè a pa sispann  lite pou fè gouvènman an pran responsibilite li.  Plis pase 90% lekòl se prive yo ye.

 

Peyi Salvadò trase yon chemen pou Ayiti.  Jodi a fè yon ane gran majorite lejislatè Salvadò vote pou entèdi aktivite min metal nan peyi li.  Abitan kominote ki viv sou tè ki gen resous andan l bay agiman peyi a gen twòp moun pou chak kilomèt kare epi anviwònman twò degrade pou  fè fas ak aktivite min.  Ak istorik sa a se premye entèdiksyon min lò, ajan, kwiv, ak lòt metal nan mond lan. Fòk prezidan Salvadò  a ankouraje lòt peyi pou reyalize deba inklizif sou risk ak benefis aktivite min metal—avan yo pemèt konpayi vini fouye ak eksplwatè resous natirèl nan enterè yon ti gwoup moun.  An Ayiti, Kolektif Jistis Min (KJM), yon regwoupman òganizasyon mouvman sosyal, mande pou egzakteman se sa ki fèt : yon deba nasyonal sou enpak aktivite min avan yon min konstwi.  KJM, ap travay depi plis pase 5 lane, yo di klèman yo pa dakò pwojè min metalik e yo mande palman an pou pa vote pwojè lwa minyè a.  

 

Akitivite min metal ka pote pwofi pou kèk gren moun epi plis mizè pou mas popilè a.  Fòk Palmantè Ayisyen pran egzanp nan men peyi Salvadò epi tande vwa popilasyon pa yo k ap rele atansyon kont aktivite min epi ki mande devlopman ki mwens destriktif epi pi enklizif.

 

 

Ellie Happel 

Direktè Pwogram Ayiti ak Klinik Jistis Global, Fakilte Dwa, Inivèsite Nouyòk

Sa se yon tradiksyon atik opinyon ke New York Times pilbliye 29 mas 2018:  https://www.nytimes.com/2017/04/01/opinion/sunday/el-salvadors-historic-mining-ban.html

 

    

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Friday - May 25, 2018

Weather: -273°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 18 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch