• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

Depi fen 2017, nouvel sou polis Inivèsitè a te koumanse pran lari. Men, anpil moun te pase se yon pawòl voye monte, paske yo pat janm kwè foli pouvwa Konsèy Egzekitif Inivèsite a te pran dimansyon sa a. Men, se Deshommes limenm, Rektè mal eli a ki ta pral retire tout moun nan dout, nan yon entèvyou li te bay Jounal Nouvelis nan dat 28 desanm 2017. Dapre Rektè mal eli a, polis Inivèsitè a ap la pou sekirize espas yo epi li kapab entèvni nan ka gen derapaj andedan Fakilte yo. Sa vle di, Rektora a, Konsèy Inivèsite a nan tèt kole ak pouvwa Moise / Lafontant chwazi yon apwòch militaris pou rezoud yon kriz kote etidyan ak sèten pwofesè pwogresis ap mande pi bon kondisyon travay, bonjan laboratwa, kafeterya, bonjan bibliyotèk elatriye. Eske prezans polis Inivèsitè a ap ede rezoud pwoblèm sa yo ? Repons kesyon sa a pouse nou poze lòt kesyon.

 

Poukisa yon polis Inivèsitè nan Inivèsite ?

 

Yon kò sekirite andedan yon espas kapab yon nesesite swa pou pwoteje espas la ak tout moun ki ladan oubyen pou pwoteje dirijan yo kont moun y ap dirije yo. Nan premye ka, sa mande yon minimòm konsansis ant dirijan yo ak dirije yo sou kesyon an. Nan dezyèm ka, sa vle di nan ka kote kò sekirite a ta la pou pwoteje dirijan yo kont dirije yo, li vin yon apwòch militaris ki enskri nan yon chwa represis. Sa ki vle di kareman, dirijan yo chwazi fè represyon sou moun k ap revandike yo. Fòk nou pwofite di, apwòch sa a pa nouvo nan Inivèsite a. Nan lane 2009, nan moman kriz medsin nan, se kò espesyalize palè nasyonal ki te pran kontwòl Fakilte a. Sa vle di Rektè yo ki te bon zanmi prezidan Preval, te pran dispozisyon sa a nan tèt kole ak palè nasyonal. Li enpòtan pou nou raple, se tranbleman tè 12 janvye a ki ta pral wete kò sa a nan Fakilte medsin.

 

Nan ka n ap pale jounen jodi a, se pa yon senp kò sekirite y ap mete kanpe andedan Inivèsite a, se yon kò polis Inivèsitè. Sa vle di, se pa yon desizyon Rektora a ak Konsèy Inivèsite a inikman, se yon desizyon Leta ayisyen pran nan tèt kole ak dirijan nan Inivèsite a. Si polis Inivèsitè a se yon desizyon deta, se pa yon senp kesyon sekirize espas ki kòz fondamantal la. Prezans yon kò polis andedan Inivèsite a, enskri nan kad yon pwojè ki pi global ki vize netralize espas Inivèsite a, pou pwojè klas dominant yo ak enperyalis yo ka pase dous kou ladoudous. Nan sans sa a, dirijan Inivèsite a vin ap jwe wòl bon kolaboratè pwojè enperyalis la nan peyi a. Paske si Inivèsite a militarize, etidyan ak pwofesè pwogresis pap ka enplike nan batay bò kote ouvriye yo ak mas yo anjeneral. Inivèsite a pral nan gwo difikilte pou li enplike nan batay kont eksplwatasyon min k ap pare pou fèt nan peyi a. Nan ka sa a tou, moun k ap kore Deshommes yo ap konplis nan pwojè sa a.

 

Si nou fè yon ti bak nan listwa nou, n ap konstate jèn yo anjeneral, Inivèsitè yo an patikilye, toujou jwe yon wòl enpòtan nan lit popilè yo nan peyi a. Nan lane 1929, jèn yo ak etidyan yo te jwe yon wòl enpòtan nan lit kont okipasyon an. Se nan moman sa a jèn yo t ap rele « Viv lajenès, aba Freeman ». Nan lane 1946, yo te jwe yon wòl enpòtan nan batay kont pouvwa Lescot a. Nou paka bliye gwo batay etidyan yo te mennen nan lane 1960 sou rejim Divalye a. Mouvman sa a te gen nan tèt li yon Mouvman etidyan ki te pote non « UNEH ». Nan moman sa a, Divalye te pran yon dekrè pou kraze UNEH epi mete Inivèsite a anba kontwòl pouvwa makout la pou anpeche lide kominis gaye nan Inivèsite a. Nan lane 1986, se te menm bagay la, jèn yo ak etidyan yo te jwe yon gwo wòl nan batay sa a. Nou paka bliye tou, wòl etidyan yo te jwe nan batay 2004 la ak batay pou salè minimòm 2009 la. Pou enplikasyon etidyan yo nan batay 2004 la, klas dominant yo pat gen pwoblèm ak sa, sa te ranje yo. Menm si nou dwe dakò se pa tout etidyan ki te nan lojik 184 la. Men, batay pou salè minimòm 2009 la kite yon vye gou anmè nan bouch boujwazi a. Dayè se apati moman sa a etidyan yo vin koumanse pote etikèt bandi. Sèten medya tankou Nouvelis te byen renmen kole etikèt sa a sou do yo. Yon etikèt yo pat merite nan batay 2004 la, paske sa te fè afè laboujwazi. Nan moman sa a, okenn chen boujwazi a pat konn jape sou yo.

 

Pou koulye a, klas dominant yo ak enperyalis yo ap chache izole tout sektè oswa klas ki kapab angaje yon batay serye kont pwojè y ap tabli nan peyi a. Pwojè pou eksplwate mendèv travayè ak travayèz yo, piye min nou gen anba tè ak anba lanmè peyi a epi fè dappiyanp sou tè peyizan yo pou kontinye tabli zòn endistriyèl, agrikòl ak touristik. Pou pwojè sa a kontinye aplike, li enpòtan pou yo kontinye kase ren tout batay. Rudy Hériveaux di l aklè nan emisyon Ranmase 21 janvye a. Li di aklè « Opozisyon radikal la dwe izole ». Nan kad sa a, yo pap padone okenn moun oswa estrikti k ap mande pou gen yon refòm ki pa kadre ak politik neyoliberal la andedan Inivèsite a. Si w ap mande yon kalite refòm ki pa rantre nan lojik neyoliberal la, ou se bandi. Pi devan, yo ka menm di w se teyoris. Nou mèt tann, si pwojè polis Inivèsite a pase, y ap mache pran oubyen izole lòt sektè jouk nou rann nou kont, nou anba yon diktati ki osèvis pwojè klas dominant lokal yo ak enperyalis la.

 

Kouman soti Inivèsite a nan twou latrin dirijan yo mete l la?

 

Analiz tou kout sa a dwe fè nou konprann, se pa yon senp kesyon sekirite espas k ap rezoud. Dayè ki mele neyoliberalis yo si Inivèsite a patikilyèman sila k ap anseye Syans Moun ak Sosyal yo ta fèmen ? Yon neyoliberalis tankou Bazen te di sa deja, li te di aklè yon peyi tankou Ayiti pa bezwen Fakilte k ap anseye Syans sa yo. Enstitisyon entènasyonal yo gen ekspè fòme nan domèn sa yo deja. Kidonk, preyokipasyon pou Inivèsite a pa kraze a pa enpòtan pou aktè neyoliberal ki andedan ak deyò Inivèsite a. Dayè nou ka konstate se yon neyoliberalis patante Rektè defakto Fritz Deshommes mete nan tèt pwogram pòsgradye a nan Inivèsite a. Bénédique Paul ki nan tèt pwogram sa a, se youn nan moun ki t ap jere gwo lajan pwojè Clinton/Bush nan peyi a. Nan moman sa a, li te nan Inivèsite Kiskeya. Koulye a li se yon bon alye Fritz Deshommes nan tèt Inivèsite a.

 

Tout sa se pou m di nou, batay andedan Inivèsite a pa piti. Se yon gwo batay ki makonnen ak yon bann gwo enterè. Rektè defakto Fritz Deshommes pa gen pwoblèm pou li pote kole ak pwojè sa a si sa ka ede li kenbe pouvwa li andedan Inivèsite a. Pwofesè Jean Yves Blot limenm tou, pa gen pwoblèm rantre nan demach la non sèlman pou li konsève pòs li men pou pwoteje tèt li kont tout pousuit jidisyè pou machin li te pase sou etidyan Goug devan Fakilte Etnoloji.

 

Nan sans sa a, batay Inivèsite a dwe yon batay total. Yon batay pou bonjan refòm andedan Inivèsite a, pou li ka gen bonjan kondiyon travay, pou laboratwa, bibliyotèk, kafeterya elatriye. Men tou, batay sa a dwe makonnen ak batay pou bonjan chanjman nan sosyete a. Batay sa a dwe voye jete pwojè klas dominant yo ak enperyalis la ap deplòtonnen nan peyi a ak tout dirijan ki nan tèt peyi a ak Inivèsite a.

 

Nan ka sa a, tout òganizasyon demokratik, pwogresis ak militan konsekan yo dwe pote kole nan batay pou refòm Inivèsite a epi kont polis Inivèsite a. Si non, nou tout ap gen pou nou peye po kase a.

 

 

 

Guy Numa

 21 Janvye 2018

 

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Thursday - April 19, 2018

Weather: -273°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 35 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch