• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

Premye gayan konkou tèks sou kolektivite teritoryal 

Yon demokrasi daprè jan gran savan yo defini li se yon fòm gouvènans  ke dirijan yon peyi chwazi pou dirije yon pèp nan yon tèritwa yap viv.  An ayiti , mo sa vin’n popilè  aprè lè gouvèneman Divalye –a  tombe. Peryòd sa se te banbòch demokratik, baboukèt tombe , tout moun ka pale lib e libè, aprè tout kalite moun ka chita pale, reyini, ekri, pale sou nouvo mòd gouvènans  yo ta vle pou  peyi sa ki se ayiti.

   Avan konstitisyon 1987 la , sou ansyen rejym Divalye- a te gen kòd riral ki te pale de foksyonman seksyon kominal yo, men  kontitisyon 87 la e sa yo amande-a  ale pi lwen nan sa nou pral pale la ki se kolektivite teritoryal la . Pou kostitisyon 87 la li ta menm vle montre nou tèritwa tankou yon kote ki gen vivansanb, li divize’l  an  1)depatman  2)awondisman  3)komin  4) seksyon kominal, ki mennen desantralizasyon, pami yo seksyon kominal la se yon pari rezonab pou pèmèt patisipasyon mas pèp la ki lwen vil yo, sa yo rele andeyo –a . Leta demokratik nap pale la ta dwe  degaje l kou mèt janjak pou chak seksyon sa yo jwen mwayen  pou fasilite lavi miyò pou tout moun nan zòn yo sou tout pwen.

 Kolektivite tèritoryal yo se pi piti divizyon tèritwa yo ki relye ant yo, an menm tan tou yo gramoun tèt yo sou papye. Nan chak kolektivite sa yo gen yon konsèy ki toujou an relasyon ak leta nan komin la nou rele yo (KAZÈK ak AZÈK) swivan pozisyon ak dimansyon tèritwa li chèf la.  Yo chak gen pou devwa voye rapò travay yo bay otorite komin lan  pou fasilite tach leta prensipal la. Genyen asanble  minisipal, asanble depatmantal, konsèy entè depatmantal tout sa yo se pilye ki pou kore kolektivite teritoryal yo ,pou yo pi fò nan desizyon yap pran , tout pilye sa yo va reprezante pa yon sèl ki se ( Konsèy entè depatmantal) nan mitan konsèy minis yo e fè pase vizyon ak estrateji depatman yo reprezante a ansanb ak leta santral pou yo fè wout pou avansman peyi-a . Yo dwe gade tou kijan pou pouvwa pa chita yon sèl kote. Egzèsis demokratik sa pa janm rive nan bout li. Tout sa yo se eleman ki mete anreta developman ki trase nan konstitisyon an pou seksyon kominal yo granmoun tout bon vre.

 Desantralizasyon an gen twa gwo fòm :  1)administrasyon  2) lajan oubyen finans  3) politik , men sa nou pral pale yo  n’ap fè  yon  sèl pakè pou nou ka diw yon paka mache san lòt si nou vle changeman tout bon vre –a , desantralizasyon –an se yon fòm politik ki transfere kapasite, pouvwa aji bay kolektivite yo pou pèmèt yo granmoun tèt yo nan keksyon lajan , pouvwa politik yo ak adminitre lakay yo san kontrent. Men pou li ka posib yo dwe brize baryè andeyò  ak lavil la, kapital ak pwovens lan.  Yo dwe bay yon sel bagay valè kise ankouraje developman sou tout faz, ke se swa sou faz  edikasyonèl, sanitè,kiltirèl elatriye. Si yo rive reyòganize sistèm leta sa epi aplike dividal lwa ki nan manman lwa peyi-a sou zafè kolektivite tèritoryal la desantralizasyon sa va pote gwo chanjman nan lavi pèp sa.

 Desantralizasyon sa nap pale la li gen bon kote li an menmtan tou li gen move kote li , men se bon kote a ki pral pote amelyorasyon lavi  pèp la jan nou tout ta swete l  la.

1) Avan tout bagay  yo, andeyo yap pale a se kote ki gen plis tè ki ka fasilite lakilti, lelvaj, ak zòn ki gen plis lanmè pou fè gwo lapèch , tout sa yo pwouve se yo ki ka bay lavil mange pou yo pa mouri grangou . Kidonk leta ta dwe mete sou pye posibilite pou ankouraje moun sa yo rete nan zòn lakay yo pou ogmante pwodiksyon lokal , evite exòd riral la ogmante, exòd la vin’n pi fò paske moun sa yo pa jwen sèvis primè ke leta dwe yo pou satisfè yo nan zòn yo , sa ki oblije yo desann lavil. Bon kote a tou li korije enpèfeksyon ,blokaj leta ki rete anwo ki pa  desann pi pre popilasyon an fini, li pèmèt ke kondisyon moun yo ap viv la chanje, avèk patisipasyon aktif yo nan komin lan , amelyorasyon nan sèvis leta , yap vinn adapte ak bezwen lokal yo. Konsa li diminye  reta nan dispozisyon sèvis piblik yo, dechaje pouvwa santral de yon pil ti bagay . Lap pèmèt leta santral la bay oganizasyon lokal yo kèk responsabilite ki  pral pèmèt ogmante konfyans sitwayen yo ki pi pwòch yo nan zòn lan. Gen anpil djòb kap kreye nan ti pwojè lokal , elektrisite, dlo potab , bonjan laswenyaj, ki pa t’ap posib san otonomi ak dinamik kolektivite yo  epi dekonsantrasyon enstisyon leta yo tankou : bank, lekol, sant sante, gwo komès  ak biwo leta yo, paske depi gen biwo sa yo gen fasilitasyon echanj sèvis prive ak leta, zòn sa dwe jwen chimen developamn ak anpil lòt avantaj.

2)  Move kote a tou , li mennen plis moun nan administrasyon leta yo ki vinn bay plis depans nan mete enfrastrikti pou yo ak peye yo chak mwa, li kreye gwo konfli nan mitan pouvwa yo , yon pa konn wòl ak limit yo paske tout ta vle se yo ki pou gen kontwòl tout sak kap regle nan komin lan. Gwo risk nan eleksyon demagòg ak machanday nan depans yo.

 Mezanmi pou nou fini nou ka di zafè otonomi kolektivite teritoryal sa yo, se vre gen depans nan leta akoz ogmante moun nan entitisyon leta yo pou plis sèvis, men li pote anpil pwen pozitif sou sitiyasyon pèp nan zòn andeyò yo. Konsa si otorite nou yo bay vrèman chans pou otonomi kolektivite tèritoryal yo sa etabli, lap yon gwo e bon zouti pou amelyorasyon lavi pèp ayisyen an, konsa tout kouch nan sosyete-a ta di ayibobo nan vanse sou wout developman tout bon vre, ayiti ap kapab gere tèt li.

 

    

  Clovis  Darcing Loycka

  Klas    : segond

 Lekol  : frè Odil jozèf

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Wednesday - August 23, 2017

Weather: 28°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 7 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch