• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

Tank jou ap pase se tank gwoup òganize yo tankou ALIMENTARI ap pwodui refleksyon syantifik, rechèch sou tantativ meri Okay la ki vle louvri vil la nan lokalite K- Syèl ak Waf Mase 2 zòn agrikòl natirèl ki ka pwodui anpil manje.

Se batay sa Soseyte Etid ak konsèy nan Agrikilti ak Alimantasyon di y ap menen kont pwojè devlopman mizè kamoufle Leta sa a nan prezantasyon dokiman piblik ki pote non <MANIFÈS kont destriksyon plantasyon diri ki ozalantou komin Okay la> nan yon konferans /debat nan Inivèsite Amerikèn Okay la samdi premye jiyè 2017 la anfas ak delokalizasyon Karavàn pwomnad prezidan enkilpe a Jovenel Moise.

Inisyativ fim agrikòl ALIMENTARI a deklare batay sa a gen gwo enterè kache men kòm teknisyen nan sektè a, ekonomis agrikòl, sitwayen se dwa pa yo tou pou pote yon lide kontrè bay popilasyon an nan sansibilize, enfòme l sou danje ki sou tèt yo epi  miltipliye chak jou mobilizasyon an kay sitwayen konsekan  yo pou kwape mòd devlopman konsèy minisipal Gabriel Fortuné ap mennen an ak Leta santral prive a soti pou fè kiltivatè diri yo vale kou koulèv nan komin Okay la. 

Animatè konferans / deba sa a: Jackson Jeudi,  Emmanuel Marion ak Pierre Evens Seide douvan yon piblik reseptif di yo opoze ak aksyon mete ranblè pou konstwi wout, chenn otèl ak mache, sant komèsyal sou tè makay nan lokalite : K-Syèl , k- Mase ak nan zòn senbolik lit pèyizan nan depatman Sid la Kwa Mati.

Lye sa a, Kwa Mati oubyen  Machatè enpòtan pou pèyizan yo nan komin nan kou nan rès depatman Sid la. Paske li fè n chonje masak  militè okipan etazinyen yo nan dat 6 desanm 1929, kote plis pase 22 moun mouri anba bal mitrayèt ak 50 lòt te blese. Anpil nan pèyizan sa yo te soti Goven, dezyèm seksyon komin Tobèk te vin manifeste kont pil taks yo pran sou pwodiksyon kafe ak kleren.

Se pa travay memwa sa ak pwoteksyon lye senbòlik rezistans  sa ki entèrese otorite yo nan depatman an.

Pwojè k ap egzekite nan komin nan, li kont pèyizan kou popilasyon an nan keksyon sante, anviwònman, ekonomi ak pwodiksyon. Jan yo wè sa ap jwe la se yon fason pou antere pi fon nan mizè kiltivatè yo ak pou fini ak pwodiksyon diri nan peyi a, ranfòse mache lib la ki pèmèt 4 gwo envestisè ap enpòte tout kalite diri ki soti nan nenpòt peyi san veritab kontwòl epi chaje ak dechè pou malè konsomatè yo.

Detwi kapasite ekonimik yon kominote se yon krim , fòk popilasyon an konn sa daprè agwonòm yo. K-Syèl pou kont pa l chak ane bay 700 tòn diri pou pi piti. Kantite sa a rive fèt nan fason agrikiltè,travayè, ti machann agrikòl yo nan kominote a marande fòs yo nan travay sa a, soti  nan mete semans nan nouris pou abouti nan keyi pwodiksyon lokal sa a. Mete yo anba beton se foure  plantè yo kou popilasyon an nan plis mizè lè resous natirèl sa a ap disparèt. Poze tèt yo keksyon kote byennèt popilasyon an ? Kote devlopman reyèl kominote a ?

Gabriel Fortuné ak rès manm Konsèy Minisipal la ap vanse ak pwojè devlopman li a pou fè tigwoup enskanmotè parèy li yo plezi kou kominote entènasyonal la. Yo kache dèyè kouvèti lameri pou mete plan Bank Mondyal annaplikasyon ak konsèp zam alimantè a k ap kontwole tipèp la nan vant li.

Yon lòt kote, move pwogram politik nan lane 1980 ak Pwogwam Ajisteman Estriktirèl (PAS) , BM, FMI, otorite ayè kou jodi asepte privatize tout domèn piblik yo, agrikilti a pa epanye. Sakrifye agrikilti familyal la pou yon agrikilti endistriyèl se pwojè miltinasyonal yo pou fini ak klas pwodiktif pèyizan an.  Tandiske deklare zòn sa yo, zòn agrikòl pwoteje, mete kredi nan bank agrikòl, entran agrikòl, met moulen… sa yo ta pèmèt depandans alimantè a disparèt pou fè plas ak sa yo rele otosifizan alimantè ki dwe debouche sou souverènte alimantè. Se modèl devlopman sa a ki ap bon pou popilasyon an. Se pa jan meri a ap ap disparèt resous natirèl sa yo.

Plantasyon diri yo varye daprè enfòmasyon yo nan lokalite K-Syèl ak K-Mase. Ladan  yo genyen: Chela, Chelda, M-8, Pose-4, Pose-5, Pose-6 ak Pose Kisa, elatriye. Kòm tout bagay se yon rapò fòs. Li enpòtan pou plantè yo, polipasyon an kanpe ansanm pou fòse Konsèy Minisipal la fè bak sou aplikasyon malouk sa a,  ilegal ki ap fini ak pwodiksyon lokal yo.

Nan lojik Papa Nasyon an, Jan Jak Desalin, se pou tè yo bay popilasyon an manje. Li ret pou pwogresis yo nan dimanik kolektif afwonte ti gwoup eskanmòtè yo.

 

Maks- Enmbèr Marslen , VKM

 

 

 

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Saturday - December 16, 2017

Weather: -273°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 34 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch