• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

4 oktòb 2016, siklòn Matye tiye, disparèt moun, bèt. Kraze kay. Detwi: plaj, jaden, pyebwa. Andomaje: lekòl, wout, medya difizyon plis konpayi telefonik. Simaye jèm mikwòb nan kominote yo. E pi devan lakoz popilasyon an kontinye  malad ak kolera, bòkè, malozye. Biwo pwoteksyon sivil sid  pa anmezi jouk Jodi a pou prezante yon bilan definitif sou katastwòf lan. Nou enfòme bwat la nan difikilte pou founi yon travay konsa, koz yon seri òganis ki konsène pako kominike PC sid done pa yo. Silvera Guilaume kòdonatè bwat sa ta eseye esplike se pwèske tout sidis  ki afekte.

                                                             Silvera Guillaume direktè COU.                              

Pou sa zye nou bay nou n ap di, se rèl ka makorèl. La pou la anpil viktim se nan sant abri pwovizwa yo al rale yon souf. Gen kèk lòt se nan tanpri vwazinaj yo jouke oubyen se nan gwòt, nan twou wòch, kav, yo pran refij. Yon dividal lòt se nan mitan solèy midi, seren, lapli, lawouze douvan jou yo plonje. Yo la san la, anndan lespwa fè viv, y ap rale, pou wè èske yon lè, yo kapab remonte pant lan.                                              

 Foto sant abri pwovizwa

7 mwa aprè Matye Radyo Vwa Klodi Mizo (VKM) fè yon kout pye pandan mwa fevriye rive me 2017 la nan komin: Ilavach, Pòsali, Ròch bato, Koto, Pòtapiman, Chadonyè, Manich, Okay. 8 komin sou ansanm ki ta parèt pi frape anba siklòn sa. Kòm pwovèb la di tande ak wè se 2. Sa ki gen je, sa ki gen zòrèy an nou wè, tande kouman sa ye.  

Radyo Vwa Klodi Mizo (VKM) dyaloge ak anviwon yon santèn moun pou tout kominote sa yo. Daprè sa nou viv  sou tèren an montre:

-          Pa gen manje an kantite jan sa ta sipoze ye pou nouri moun yo.

-          Ti figi yo byen fennen osinon ou ta kapab di byen pal.

-       Nou menm ki pote mikwo bay yo a, se mande y ap  mande nou kichòy pou yo kapab al manje. Anpil fwa yo di: <<depi maten la nou pako pran anyen>> Lè ou mande yo ki jan yo kontinye viv konsa. Yo fè w konpwann Se nan tanpri souple kèk bon pwochen, ki fè gen delè vant lan pa rete vid nèt. Konsa tou sa rive yo konn pase plizyè jou san mete anyen nan bouch. 

                                                    Moun afè pa bon Ròchbato

Popilasyon yo vin nan pwoblèm pi rèd pou zafè dòmi. Sant abri pwovizwa yo pa tolere yo ankò, sa rive fè t kèk fwa anba gwo presyon lapolis. Anpil nan batiman sa yo se te lokal : lekòl, legliz, ak kèk lòt enstitisyon ki vin reprann aktivite nòmal yo Jodi a. Vwazinaj se dra li klè se pou yon ti bout tan se pa p pou toutan, vwazinaj fatige, pasyans epwize, ladesant kèk viktim sispann. E tou pa genyen kay ki rekonstwi tout bon vre. Lè nou antre nan  kominote sa yo ou jwenn yon seri ti ajoupa ki kouvri ak pwela koulè ble osinon yon ti kras blan. Konsa tou ou ka jwenn 2, 3 ti kay ki kouvri ak kèk fèy tòl klere kou miwa midi, se yo menm ki rekonstwi a osinon ki reyamenaje a nan  kèk ka sila ki pèdi kay yo a. Se toujou nan prèske menm espas avan yo, rekonstriksyon sa yo refèt (bò lanmè a, sou bèj rivyè yo e sou flan mòn yo ) Nan menm zòn aris yo. Ki donk moun yo pa ta sipoze abite la ankò. Sa se siy ki montre moun san kay yo toujou nan lari a. Yo toujou nan menm move kondisyon pou yo lonje kò yo yon kote pou yo kapab repoze. Anpil fwa nou jwenn ti kay sa yo gen plis pase yon 60 tèn moun k ap dòmi ladann. Yo fè sa pa woulman sa ta fle di, lè lè dòmi a rive genyen yon premye pòsyon 10 moun antre kouche nan pyès kay la, rès 50 lan rete kanpe nan seren an deyò an. Aprè yon tan yon lòt pòsyon 10 al dòmi, 10 avan ki ta l dòmi an leve. Sa kontinye konsa jistan chak moun fè yon ti kras tan repoze.

                                              Foto kay ak Pwela ble ka douyon 

Agrikilti a nan zòn yo pa reprann prèske, tè yo pako nan eta pou fè jaden. Se zo kòkòwòs tè a w ap gade, ou pa remake vrèman zèb ak pye bwa ki pouse. Konsa tou nou pa wè bèt mare sou tè abitan yo, jan sa te konn ye avan. Pou koze lapèch la,  bò lanmè yo nou konstate yonn, 2 grenn bato osinon bwa fouye k ap fè pèch. Nou pa jwenn senn k ap rale sou litoral la jan sa te konn abitye ye

    Ti bato pechè nan Posali

Lapli k ap tonbe anpil, plis gwo solèy, gwo van nan dènye tan sa yo se pi gwo mal pou tè yo rekòmanse pwodwi manje nan depatman an. Kèk tantativ jaden nan milye an ki kòmanse progrese, nan bout chemen, si se pa inondasyon ki bwote yo ale, se solèy la ki boule yo. Ki donk klima pako favorab nan enterè sila yo k ap tann rekòt pou soulaje lavi yo.

Tè ki nan move eta Ròchbato

Etablisman lekòl yo, yon seri pa rive repare jan sa ta sipoze fè t. Genyen ki pa rekouvri ditou. Chak fwa lapli tonbe moun yo nan kouri. Nou ta ka konprann ekipman pou fè lekòl sa yo refonksyone pa ranplase nan wotè sa te sipoze ye. Pou elèv yo genyen yon pati ki pa retounen lekòl koz pwoblèm inifòm, liv  ak kay yo ki kraze elatriye.

                                                       Lekòl ki nan move eta Ròchbato

Wout, elektrisite, plaj yo genyen ladann yo ki toujou rete la ak anpil pwoblèm. Wout yo chaje ak twou, sa ki rann sikilasyon ak machin, motosiklèt vin pi enposib. Fil ki kondwi kouran nan yon seri zòn pako janm repare. E sa lakoz fè nwa k ap kontinye taye banda. Plaj yo refonksyone nan yon eta kote jiska prezan kondisyon sanitè yo pa  reyini. Ti machann yo kontinye nan difikilte pou ranplase mateyèl kwizin yo. Mete sou sitiyasyon difisil yo ye jounen Jodi a, ou jwenn  dirijan yo ap  pwofite pasaj siklòn lan pou mete yo deyò sou plaj yo ak nan yon seri lokalite ki tou prè bò lanmè.                             

 Wout Posali

Otorite yo kòmanse moutre sa a klè nan  kèk mezi yo kòmanse pran sou baz y ap restore plaj yo ak devlòpman zòn yo. Gen kèk kote konsèy kominal yo mete afich, se reyalite Pòsali. Majistra Chadonyè Claude Méméus li menm ta deja klè l ap deplase  moun yo nan espas bò lanmè an  pou fè plas pou envestisè ki entèrese konstri chenn otèl nan menm espas sa yo. Konsa tou genyen kèk lòt kote koze sa se anba chal y ap pale li. Pou komin Okay la nou konnen responsab yo te mete ajan pa yo pou fè propagann sa sou kèk rezo sosyo, pa egzanp Facebook . Ladann yo, nou te ka li: << n ap pwofite pasaj matye an pou nou devlope jele >>. Yo fè bri kouri yo pral pouse deyò tout machann plaj la.  Pi devan nou konstate toujou depi apwè Matye, meri okay la detanzantan ap rantre sòti sou plaj la. Anpil fwa bay moun yo presyon pou yo kanpe sou tout konstriksyon yo kòmanse deja. Anonse yo, meri a anvizaje kraze, yon pakèt  kay nan menm espas la.  Se tou reyalite lokalite sou wòch, lòt bò reno ki tou prè a. E pou de lòt lokalite tankou kwa Mati ak kasyèl sa pi grav kote meri a deja kraze plizyè kay ak ranbleye plizyè espas jaden diri. Konsa tou meri a ta make ademoli sou plizyè kay nan lokalite waf mase san konte plizyè ekta tè diri li deja sible l ap pran pou fè wout ki kapab

plis ke 13 mèt delajè. Aubierge Sincyr yon nan ekip jeni minisipal Okay la pou sa ki konsène komin lan ta fè remake nan mikro Vwa Klodi Mizo (VKM) entèvansyon sa yo ta vni apati de pwojè pou devlopman zòn lan ki la depi anviwon 15 lane.                                                                                   

Foto plaj wout Pòsali 

Tout aksyon sa yo antre nan plan devlòpman touristik y ap eseye konstwi depi yon bon bout tan nan komin yo san dizon pifò moun yo.  Zak sa dirijan yo poze a, kreye plis posiblite pou genyen plis moun lage san yo pa genyen yon kote pou yo dòmi, tonbe nan plis mizè, anplis sila yo Matye deja lage kò touni sou beton an.

                                                              Kay  kraze kwamati

Sa n ap gade la, se menm lojik  Ilavach la, kote otorite yo fè soti arète 10 me 2013 la pou mete deyò tout abitan sou zile a, remèt li bay envestisè. Se rezistans Konbit Peyizan Ilavach (KOPI) ki pral jwenn solidarite lòt enstitisyon osinon òganizasyon nan mouvman sosyal anndan peyi a ak nan etranjie tankou: radyo Vwa Klodi Mizo (VKM), GADES, OLAGKA, MODEP, Kolektif Jistis Min (KJM), MOLEGHAF san konte de lòt kanmarad nan kout pous pa yo, pral pèmèt depi lè arète a sòti a rive jodi a, popilasyon an toujou ka rete viv sou bout tè sa. San rezistans lan, ansyen ajan enterimè Fritz Cezard ak ansyen administrasyon Michel Martelly/Laurent Lamorte/ Evans Paul t ap gentan flanke yo deyò. KOPI ta deja denonse nouvo majistra prensipal Ilavach la Jean Yves Amazan  kòm otorite  sou yon lòt fòm k ap kore plan devlòpman touristik ki ekskli abitan yo. Apati zak li kòmanse poze ak ministè anviwonman, lè yo anvizaje pran 800 ekta tè pou fè basen pwason:                                

  Lak atifisyè nan Ilavach

kominote yo toujou ap soufri ak pwoblèm entènèt, telefòn. Se akoz Konpayi sèvis yo toujou nan reparasyon rezo yo. Sa rann otèl yo  ak lòt enstitisyon nan zòn lan jiskounye a pa anmezi pou reponn  ekzijans kliyantèl la. Pou medya difizyon yo,  yon kantite nan yo nan difikilte pou reprann plas nan kèk zòn sa yo.  Akòz  yo pako kapab remete tout ekipman nesesè sou pye.

 

                                                     Radyo VPS

Parapò ak moun ki tonbe malad ak mikwòb kolera jan sa te anvòg touswit aprè siklòn lan, jounen jodi fè yon bese.  Men kounye a se kesyon maladi bòkè, gal, maleng ak azoumounou ki atire atansyon moun yo nan pwèske 18 komin  depatman sid la.

Lavi chè tout boulin, sitou ak rate pwodwi alimantè :  viv, vyann ak fri ki sot nan lanmè nan depatman an. Anpil nan pwodwi sa yo se nan nivo nasyonal tankou depatman lwès, latibonit yon ti kras nan nip yo soti. konsa tou nou jwenn anpil pwodwi dominiken ak etazinyen rive nan kominote yo. Pri pwodwi sa yo pwèske double lavalè yo te konn vann nan tan pase yo. Anana, melon, bannann, kakawo sa w ap peye 50gd kounye a avan se te 25gd, ti mòso vyann w ap peye  100gd avan se te 50gd. Kounye a moun yo vin nan plis  difikilte pou manje.

                                                             Machann mache kay  fè.

Kouman otorite yo ede yo sòti nan kalamite sa?

N ap di pa genyen sipriz nan fason otorite yo abitye jere sinistre yo nan peyòd katastwòf : Se toujou konstate dega, fè bilan s ak pase a.  Answit ret tann èd entènasyonal pou sipòte viktim. Nou remake anpil fwa dirijan yo pi fò nan fè bèl diskou. Sou baz yo pral  rezoud pwoblèm dòmi, manje, lekòl, travay, swen sante popilasyon an. Yon ti kras tan aprè nou wè se lòt bagay k ap regle nan plas sa k te di avan yo.  Se nan menm kout gouyad la nou tonbe la Jodi a. Responsab yo nèk :

-          ouvri kèk sant abri pwovizwa pou yon ti tan.

-          Mete 300 mil goud disponib pou kèk komin.

-          Distribiye kèk kit alimantè.

-          Fasilite sikilasyon an reprann nan kèk zòn. Epi pote kole ak kèk ONG nan distribisyon kèk bagay nan mitan moun yo.

 Pa bliye demach dirijan yo se toujou  plis nan vil kominal yo, olye seksyon yo.  Se sa k fè nan peyòd sa ou jwenn majistra, ak  kazèk yo k ap eseye eksplike sa k fè entèvansyon yo pa rive nan milye sa yo. Se parapò limit yo genyen nan sa k disponib nan men yo ak pwoblèm

kominikasyon ki difisil pou rive nan zon sa yo.

Ki jan  viktim yo ak lòt sektè  wè entèvasyon otorite yo, nan kad yon sòti kriz, pou amelyorasyon reskape yo?

Genyen ki reyalize dirijan yo rive jere yo ak kèk ti bagay kan menm tankou: kèk kit ki gen ladann yon ti diri, espageti, yon ti bidon lwil. Konsa tou kèk fèy tòl, yon pwela, kèk sak siman oubyen kèk ti netwayaj pou debleye yon seri wout, kanal ki te kouvri anba gravye, labou, fatra. Men yo panse se pako afè a sa, selon gwo bezwen yo. Paske  pi gwo bagay y ap tann responsab yo fè se rekonstwi kay ak ede yo reprann aktivite ekonomik yo.  Pou anpil lòt, dirijan yo pa regle anyen pou yo ditou. Konsa yo konprann se paske dirijan yo pa pran yo oseye ki fè jiskounye a yo toujou nan mizè. Anplis yo konstate otorite yo pwofite de sa ki genyen la, pou konstwi pi rèd richès ak kapital politik yo sou do yo.

                                                                  Peyizan sofi

Sipò anviwon 22 òganizasyon non gouvènmantal (ONG) tankou: Shelter Box, Rotary Club, Avens,    EDEN, FFH, PAM, OIM, CRS, Croix Rouge, ACTED, Sans Frontière, Cooperation Swisse, UNOPS, PADI, INEPS, ADRA, FAO, Oxfam, Coral, AMURT-HAITI, Fondasyon GaSKOV CLERGE, AJWS. HOPE for Haiti. E plis kèk regwoupman andan legliz, nan diaspora. E tou nan mouvman sosyal ( PAPDA, REFRAKA, KOPI, TK, ITECA, GADES ) nan ki nivo prezans yo ta kapab kontribiye nan konble atant reskape yo k ap soufri depi pasaj Matye a?

Nou reyalize divès enstans sa yo te pèmèt nan premye tan yo:

-          kèk lokalite wete fatra nan kèk kwen. Bay yon patisipasyon nan tretman dlo.

-          Asistans nan swen sante parapò moun ki andifikilte ak kolera.

-          Ede remete kanpe oubyen reyamenaje kèk ti kay.

-          Distribiye kèk kit alimantè.

-          Soutni kèk agrikiltè nan semans, zouti agrikòl, filè ak nas pou lapèch.

-          Fasilite kèk elèv retounen lekòl.

-          Kreye ti travay  mendèv anndan yon seri pwogram yo mete soupye pou sa tankou: kach Fòwèk ak foud fòwèk ki dire anviwon yon mwa.

 ONG yo pa mache kole pou di entèvansyon pa yo a men ki sa li ye. Answit rezilta yo te swete men sa yo jwenn. Pou nou site : tè dèzòm ak Hop for Haiti se 2 nan yo ki te pwan nimero telefòn nou pou sa, yo pa janm rele nou. Konsa nou ta genyen enfòmasyon ta fè kwè anpil nan ONG yo resevwa pou pi piti 200 mil dola us bò kote yon seri bayè defon pou ede viktim yo travèse enpas malouk sa.

                                               ONG yo

Ki rezèv otorite yo, rès popilasyon an genyen nan entèvansyon ONG yo nan kad pasaj Matye a?

Majistra prensipal Pòtapiman Jn Raymond Pierre ak yon pwofesè lise nan menm komin lan se prensipal sitwayen ki fè konprann lajan ki rive nan men ONG yo plis depanse nan biwokrasi, olye li envesti pou moun kòb sa yo ta destine a. Direksyon ONG yo se nan zafè administrasyon, yo regle koze yo (gwo salè pou anplwaye antèt yo, lwe machin,  pèdiyèm pou deplasman yo ) Apwè yo lage ti rès laswibab la sou tèren an. Yo panse kòb ki antre nan men ONG yo si yo te envesti pou bezwen moun yo vre, kondisyon viktim yo ta kapab Pizoumwen miyò

                                               Majistra pòtapiman 

Èd ki rive nan sid la kisa nou kapab di nan manifestasyon l sou tèren?

1)  Pwoblèm transparans ak detounman:

Ou ka pi zoumwen konnen  sa ki nan èd la se sou fòm: Alimantè, lajan, sèvis sanitè pa egzanp medsen sanfrontyè t ap entèveni nan domèn sante. Sèvis vwari ak sanitè Dominiken ki t ap ranmase fatra nan vil Okay. Answit ekipman pou rekonstriksyon ak reparasyon kay, wout (bwa, fè, tòl, pwela, playoud, siman) ak enèji ( pano solèy  elatriye )

                                             Materyèl dominiken kap ramase fatra nan okay

Li toujou rete kwoke pou nou konnen kantite èd ki te rive nan depatman sid la. Li ta bri se 178 milyon dola ameriken pou depatman sid ak grandans ki ta nan men òganizasyon non gouvènmantal yo. Se menm jan tou pa genyen anyen ki klè sou metòd osinon estrateji entèvenan yo itilize pou distribiye èd la. E vini ak yon rapò ki kapab mete aklè pou tout moun : mòd  jesyon ak kontwòl, konsène yo te genyen parapò a èd ki te antre nan depatman an. Jis kote n ap pale a pa genyen pyès dirijan ki reponn pou yo ta kapab reyalize yon rapò ki pou ta founi bon jan eksplikasyon sou kouman èd la pase.

Antretan popilasyon yo  akize otorite kominal yo nan vòlè osinon nan detounman èd yo. 

-          A) Komin Okay, yo repwoche:

Majistra Claudette Réjis ki chaye  nannwit anviwon 120 fèy tòl 200 sak diri nan sa katèl la te achte pou sipòte kèk viktim matye yo, yon semenn apwè siklòn lan. Non li site toujou nan zafè 2 depo, CRS ak  Mache touris kote meri an te depoze yon seri èd pou viktim yo. Kote li chaye nanwit anpil nan èd sa yo al vann bay yon seri komèsan  nan vil lan. Majistra Claudette jis jodi an pako janm pote yon demanti piblik fas ak akizasyon sa yo.

-        Guy Astrèl alyas ti guy Direktè kabinè majistra prensipal Jean Gabriel Fortuné nan detounman yon trelè tòl sipeyè sou wout  avan antre Deksya 8 ki ta prale nan direksyon Jerimi. Sa fèt  jedi 6 oktòb 2016. Li ta vann tòl yo bay yon komèsan nan vil lan. jis nan moman nou ye la, li pa bay repons sou akizasyon sa. 

-       Majistra Jean Gabriel Fortuné nan desizyon li, pou itilize anviwon 51 mil dola ameriken fondasyon Gaskòv, asosye li ak resèt lajan bal òkès Tropikana a san bay  motan an, pou l achte 2 baskil pou meri a. E lajan sa yo remèt li a se nan kad ijans, pou jere viktim Matye yo.

 Nan akizasyon tonbe sou do meri a,  Fortuné plis ap eseye eksplike sa yo akize kòlèg travay li yo se yon move entèpretasyon popilasyon an parapò jan y ap deplase èd yo soti nan yon zòn a yon lòt. Oubyen tou prezans yo kèk fwa nan pote asistans ak zanmi yo ki andifikilte ak mateyèl y ap transpòte. Men nou ka remake sa majistra Gabriel eseye di yo pa kapab dedwane konfrè l yo. Li gen anpil kontradiksyon, nan sa l ap di yo, tankou:

-          Nan ka majistra Claudette la, li pa vini ak okenn rapò.

-          Nan ka direktè kabinè li a, li pa montre okenn pwosè vèbal jij depè, rapò polis ki ta kapab pote limyè pou di ki kote trelè tòl sa pase.

 Lè nou byen gade akizasyon sou do Gabriel la, nou kapab di se yon pratik ki depaman ak administrasyon. Nan ka sa, yo pale  detounman fon, ki gen kouvèti koripsyon. 

                                       Lokal mache touris okay

 

B) Komin Ròchabato se majistra prensipal Frisnel Chéry  yo akize ki konviske tòl yo pou afè pèsonèl li. Sou baz sa, gen kèk endividi non idantifye ki badichonnen lokal meri an ak twalèt. Krafiti sou mi an ki trete li kòm vòlè tòl. Apati de sa li transpòte biwo meri lakay li. Nou pa t kapab jwenn li malgre tout efò nou te fè, ale lakay li ak nan lokal meri an, rele li nan telefòn  nou pa t gen repons. Anfenkont se kazèk zòn lan Pierre Louis Chery nou te rankontre ki fè konprann sa k pase meri a se zafè politik. Se menm yo menm ekip tèt kale a ki deklare lagè antre yo.

C) Meri pòsali, yonn nan 2 lòt majistra yo Staco Grégoire ap reproche majistra prensipal Wilson Déna ki pa fè limyè sou kantite èd ki antre nan men l pou komin lan. E tou fason li fè distribisyon an kote li priyorize yon seri zòn parapò a yon seri lòt ki pa jwenn anyen di tou.  Se pwèske menm konsta ki fè t bò kote kèk moun nan popilasyon an k ap kritike meri an nan sans sa. Tout efò nou te fè pou nou jwenn 1er majistra sa pa t mache. Nou te menm kite referans nou nan men sekretè a pou kontakte nou, nou pa janm jwenn apèl li.

 

Afich  meri posali

 2)  Pwoblèm represyon sou popilasyon an

Genyen kèk moun ki viktim kout baton, kòs revòlvè. Ki fèmen nan prizon. Ki pèdi zye yo osinon ki vin andikape. Konsa tou ki pèdi lavi yo. Poutèt anpil nan yo t ap chache jwenn yon ti ki chòy nan èd la chèf yo di ta vini swadizan pou yo a. Nou ap pwan 2 ekzanp nan sans sa:

-          Frantz flérinord yon elèv lekòl ki gen 14 lane ki tonbe anba bal gadkòt osinon BLTS tou prè marin lan. Li antere nan bout 4 mwa san otopsi kadav lan pa fèt.. Mwa me a fè 7 mwa depi lajistis nan okay ap trennen sou dosye a. Tou senpleman nou konnen yo te kenbe  nan izolman polisye Jocelyn Alpéron.

-        Ribenson Joseph yon lòt ti moun 14 lane pwan yon bal nan zye devan kay frè Raphael. Tout mwa me a lajistis pako mete aksyon piblik an mouvman pou ka sa, malgre Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch ( IBSR ) depoze yon plent nan pakè tribinal Okay la pou koze sa. Se ansyen komisè enterimè Yvon Pradel li te remèt lèt sa. Tou 2 ti moun sa yo viktim nan evenman 1er novanb 2016 lan. Nan yon premye tan se te lapolis ki t ap tire pou evakye moun ki te kanpe devan marin Ayizyèn lan kote te genyen bato pòtoriken t ap debake èd pou viktim yo. Nan yon dezyèm moman se ta frè ansyen delege Louis Paul Raphael yo akize ki t ap tire sou popilasyon an t ap manifeste devan lakay yo, pou mande jistis ak reparasyon pou  Flérinord, lapolis touye anba bal nan deblozay èd devan marin lan. Malgre anplè evenman sa a, sa pa t anpeche Yvon Pradel deklare repòtè radyo Vwa Klodi Mizo li pa t okouran.

                 Frantz Flerinord 

 Nou panse nan nivo depatman sid la kraze a, ak sitiyasyon mizè moun yo ye la. Sa mande anpil milya nou sèten peyi a pa genyen jiskounye a nan kès li, ak anpil tan sa ta kapab mande, pou nou ta espere yon alemye tout bon pou kominote yo. Men tou sa pa dwe anpeche nou rekonèt nan dimansyon koripsyon andan èd yo se pi gwo andikap ki lakoz 7 mwa aprè Matye pa genyen gwo chanjman nan mitan sila yo ki viktim yo.  Reyalite a montre parapò a kantite 100 moun anviwon nou te rankontre a, pèmèt nou di: plis ke 96% nan yo toujou nan menm kondisyon difisil yo.  Sa ta kapab rive rès la genyen yon ti amelyorasyon.  Jiskounye chanjman y ap tann nan kesyon kay, manje, lekòl, wout, enèji, travay, sekirite toujou la. Okontrè yo vin tonbe nan plis tristès ak dezolasyon.

Konsa tou nou konstate sa leta Ayisyen posede kòm lajan piti li te kapab ye pa priyorize viktim yo nan kad depans li yo. Lè nou konpare kantite kòb li envesti nan zafè ribanbèl, tankou:

-          Kanaval nasyonal sid la, 240 milyon goud.

-       Fèt pak 29 sou 30 senatè, yo resevwa 29 milyon goud, chak pou kont pa yo jwenn  1 milyon goud.  Se lajan leta bay yo pou manje pwason. Men li rete pou nou konnen kisa Sena a regle ak 1 milyon goud senatè eli Guy Philippe k ap tann lajists Etazinyen prononse sou kantite tan li gen pou l pase nan prizon lakay yo, pou enplikasyon l nan zafè dròg ak blanchiman lajan 5 jiyè 2017 k ap rive la.

-          41milyon 650 mil goud disponib pou 119 depite kote chak depite dwe benefisye 350 mil goud. Se toujou nan menm lojik pou yo manje pwason.

-       Pou flannen prezidan Jovnel Moise nan latibonit nan koze karavan chanjman  pandan 2 jou, 197 milyon 330 mil goud depanse. Ladann 100 milyon goud pou sekirite l. Se nan okazyon 1 me ki se jounen mondyal travayè ak 18 me.

Kantite total la se 508 milyon 980 mil goud, an natandan nou jwenn enfòmasyon sou maras ka l jwenn prezidan, ak minis yo tou pou pwason. 

Ki donk parapò a sa nou konnen li dekèse pou sinistre yo ki se 5 milyon 400 mil goud pou 18 komin nan depatman an, yon kantite 300 mil goud pou chak, pa reprezante anyen devan kantite kòb sa li depanse a pou mete kòb nan pòch zanmi li yo jan nou sot fè remake  anlè a la.

  1. Nou ta kapab imajine lajan sa  te itilize pito pou kore viktim yo, jan sa ta ka plizoumwen amelyore soufrans, kèk nan mitan yo ki kontinye ap vale van chak jou pi plis. Li parèt klè kategori moun sa yo, se pa yo ki gen enpòtans anba je otorite yo. Yo pa vrèman jwenn konkou yo menm lè y ap trepase. Kou ou wè se boujwa yo ki tonbe nan dezagreman oubyen ki gen bezwen avantaj, dirijan yo toujou prezan.  Yo prè pou fè san soti nan wòch pou sipòte akolit parèy li yo. Oubyen yo mobilize tout rezèv peyi an pou ede yo rezoud problèm, tankou :

-          Jan anpil fwa yo abitye privatize antrepriz piblik yo (Teleko, EDH, Asco Minotri, Siman, Asyeri dAyiti) bay yo.

-          Mete a dispozisyon yo tè piblik yo, ti mouchwa tè malerèz/malere pou fè zòn franch ak enplante chèn otèl nan devlòpman touristik. Li enpòtan pou nou konprann pi byen dimansyon moun ki enpòtan pou dirijan yo. Sa se de ekzanp konkrè ki montre nou otorite yo lajan peyi a se nan sèvis rich, yo kanalize l. Se pa janm pou sa ki pi pòv yo.

 Andan tout koze sa yo, nou reyalize sa k fè sid la genyen gwo dega sa yo. Li rive apati kay moun yo abite  pa vrèman ase solid ki ka reziste  menm a yon ti tanpèt.  Anpil nan kay sa yo kote yo bati an, se nan zòn a risk. Lòt bagay, anpil pyebwa ki tonbe, se paske responsab yo pa t pran mezi anvan tan pase, omwen pou debranche yo. Nou panse vrè koz la, se paske enfrastrikti ak estrikti peyi a fèb anpil ki fè depatman an kraze nan eta sa. Konsa te ka toujou gen Matye nou pa t kraze nan fason sa.

Nou klè dirijan yo, ONG p ap  solisyone pwoblèm yo nan fason y ap deside la. Èske sa ta vle di moun yo kondane pou yo viv tout rès lavi yo nan kodisyon sa? Kisa nou wè kòm wout nou ta dwe pran? Nou menm k ap batay pou yon jistis sosyal, kont tout fòm diskriminasyon, prejije kouman n ap pote, kontinye pote kole?

 

Jn Claudy Aristil,Radyo VKM

Foto Radyo VKM

 

 

 

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Wednesday - August 23, 2017

Weather: 28°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 10 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch