• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

 

Pozisyon divès òganizasyon pwogresis sou kokenn chenn kriz k ap brase bil Inivèsite Leta a nòt sa vinn jwenn radyo VKM jou kite 3 Me 2017.

 

Yon ti rale sou kèk gwo moman nan fonksyònman Inivèsite a

Depi plis pase 20 lane, gen yon kokenn chenn kriz san bout k ap brase bil Inivèsite Leta a. Anvan dechoukay Divalye a, se lwa 1960 rejim bout di a ki t ap reglemante fonksyonnman Inivèsite a epi se makout ki t ap koupe rache andedan li. Men, batay pwofesè, etidyan ak pèsonèl administratif Inivèsite a, te pèmèt yon van demokrasi te koumanse soufle andedan Inivèsite a. Nan Fakilte yo, se nan eleksyon yo chwazi manm direksyon yo. Se nan asanble pigwo desizyon yo te koumanse pran. Men sa pat anpeche plizyè dwayen te dirije Fakilte yo tankou byen prive yo, san patisipasyon divès antite yo.

Konsa, batay pou plis patisipasyon nan desizyon k ap pran nan Inivèsite a te debouche sou yon Konsèy Inivèsite ak yon Rektora ki gen yon Rektè ak 2 visrektè nan tèt li epi yon dispozisyon tranzitwa ki vin reglemante fonksyonnman Inivèsite a nan plas lwa 1960 Divalye yo apati 1997. Nan yon premye tan, Konsèy Inivèsite a te gen ladan 11 dwayen Fakilte yo. Aktè k ap goumen pou bonjan demokrasi ak patisipasyon andedan Inivèsite a te konn rele Konsèy sa a « Klèb Dwayen yo ». Tèlman yo te toujou antann yo pou pran yon seri desizyon san patisipasyon lòt antite ki andedan Inivèsite a. Konsa, batay ki te mennen sou kesyon sa a te fòse « Klèb dwayen yo » louvri espas la pou plis patisipasyon. Se batay sa a ki pral akouche yon Konsèy Inivèsite ki pi laj ak 11 reprezantan dekana Fakilte yo, 11 reprezantan pwofesè ak 11 reprezantan etidyan plis 3 Rektè yo. Rektè a ak visrektè yo eli nan yon eleksyon segon degre, ki pèmèt manm Konsèy Inivèsite a eli yo. Sa ki fè gen gwo kesyon k ap poze sou modèl eleksyon sa a. Kèk pwomès bous etid ak nominasyon sèlman sifi pou yon kandida pou rektora a genyen eleksyon yo. E se sa k ap fèt menm nan reyalite a.

Kidonk, malgre ouvèti pou yon ti moso patisipasyon anplis ki fèt la, demokrasi patisipativ la pa rive tabli tout bon andedan Inivèsite a. Rektè yo toujou gen kontwòl pifò delege Fakilte yo, menmjan pouvwa egzekitif la gen kontwòl palman an. Se sa ki fè, apa kèk chanjman, se preske menm moun yo ki toujou nan tèt Inivèsite a depi anviwon 20 lane. Se nan gwo goumen pou yon moun ki pa kanpe sou menm bit ak ekip sa a rive nan yon espas desizyon enpòtan andedan Inivèsite a.

Kèk mak Fabrik kriz k ap brase bil Inivèsite a

Ti rale nou sot fè la a montre Inivèsite a gen anpil pwoblèm nan diferan nivo. Pou nou byen konprann kriz Inivèsite Leta a, li enpòtan pou n al gade kouman kriz sa a manifeste :

-      Inivèsite a pa gen kapasite pou li ranpli misyon li ki se fòme moun, fè rechèch epi bay kominote a sèvis. Pa gen rechèch nan Inivèsite a sou pwoblèm k ap brase bil sosyete a, nivo fòmasyon an gen pwoblèm epi Inivèsite a dekonekte ak sosyete a. Pifò etidyan ki soti nan Leta a, pa gen ni kote pou yo fè eksperyans, ni kote pou yo travay. Pifò pwofesyonèl ki fòme nan peyi a, se lòtbò dlo yo oblije ale. Kidonk, Leta Ayisyen ap finansye etid yon seri pwofesyonèl pou lòt peyi ;

-      Pwoblèm enfrastrikti / Pa gen Kanpous Inivèsitè, pa gen bonjan laboratwa nan Inivèsite a, pa gen yon veritab bibliyotèk Inivèsitè epi pa gen yon restoran Inivèsitè pou pwofesè, etidyan ak pèsonèl administratif la touye vè nan vant yo. Apre tranbleman tè a, pwoblèm sa a vin pi grav. Nan plizyè Fakilte, se anba ti kounouk etidyan ak pwofesè ap travay. Pwoblèm enfrastrikti sa a lakoz kapasite akèy Inivèsite a chich anpil. Pifò etidyan ki soti nan bakaloreya paka rantre nan Inivèsite a. Sa ki fè, anviwon 40 mil etidyan Ayisyen al etidye Dominikani alòske se anviwon 20 mil sèlman ki nan Inivèsite Leta a ;

-      Pratik kliyantelis / mounpayis / magouy fin gangrennen Inivèsite a. Rekritman pwofesè ak manm pèsonèl administratif la plis fèt nan moun pa olye li chita sou konpetans ak eksperyans. Menm eleksyon andedan Inivèsite a se nan lojik sa a li fèt. Tout moun te ka konstate dènye eleksyon yo fèt san kowòm ki te nesesè pou li fèt.  ;

-      Patisipasyon ak transparans / koze patisipasyon ak transparans la preske pa egziste andedan Inivèsite a. Dirijan yo pran desizyon yo vle, lè yo vle, san konsilte diferan antite yo. Rektora a tounen yon bwat nwa. Nan plizyè Fakilte, sitiyasyon an pa diferan. Pa egzanp, gen plizyè milyon goud ki bay pou restoran Inivèsitè, alòske toujou pa gen restoran. Pa gen okenn deba nan Inivèsite a sou avan pwojè lwa kad sou Inivèsite a. Pwoblèm patisipasyon ak transparans la tèlman grav, menm nan mitan 3 Rektè yo li pa egziste. Nan moman n ap pale la, se tankou ti sentaniz Rektè konteste Fritz Deshommes ap trete visrektè nan koze rechèch la, ki se pwofesè Hérold Toussaint. Malgre yo pase nan menm eleksyon konteste, se konstate visrektè a konstate yon seri desizyon ap pran san li. Nan mwa fevriye 2017 la, Rektora deklare lane 2017 la kòm yon lane deba agimante nan Inivèsite a. Alòske pa gen deba menm nan mitan Rektè yo. Visrektè Hérold Toussaint deja ekri Konsèy Inivèsite a plizyè lèt kote li montre kouman Rektè Deshommes, Visrektè Jacques Blaise ak konplisite sekretè jeneral Wilson Dorlus ap pran tout desizyon poukont yo pandan menm rankont òdinè ant Rektè yo paka fè.

-      Konpòtman militaris dirijan Inivèsite a anfas mouvman pwotestasyon yo. Apwòch militaris nan jesyon kriz Inivèsite a tounen yon mòd. Pou tikrik tikrak, dirijan yo rele lapolis ak MINISTA, militarize espas Fakilte yo oubyen mete kontestatè yo deyò san kreye yon espas dyalòg pou tande yo. Alòske toutan gen pwoblèm, ap toujou gen kontestasyon. Akote plizyè desizyon ki pran pou rele lapolis ak MINISTA nan espas kèk Fakilte, nou ka sonje militarizasyon Fakilte medsin nan lane 2009. Se tranbleman tè a ki te mete kò espesyalize Palè Nasyonal deyò nan Fakilte medsin. Dirijan yo te jwenn apui Palè Nasyonal pou militarize Fakilte a. Nou paka bliye desizyon gwo ponyèt ki pran kont plizyè pwofesè ak manm pèsonèl admnistratif Inivèsite a paske yo patisipe nan manifestasyon. Nan Lekòl Nòmal, dirijan yo mete anviwon 19 etidyan deyò an gwo ponyèt. Dènye egzanp lan, se 19 etidyan Rektora a mete deyò nan Inivèsite a paske sèten nan yo te enplike nan okipasyon espas Rektora a ak pòs gradye a, pou konteste model jesyon dirijan yo ak eleksyon fo mamit yo ta pral fè a. San yo pa mennen ankèt ni tande etidyan yo sou zak yo repwoche yo, Rektora a mete yo deyò.

Solisyon nou pwopoze

Tantativ radyografi ak analiz nou fè la a montre aklè Inivèsite a malad jouk nan zo. Maladi a travèse pratik ak diskou pifò aktè ki andedan Inivèsite a. Nan sans sa a, noumenm òganizasyon nan mouvman sosyal popilè a, ki konsène tou nan pwoblèm Inivèsite a, paske se lajan taks pèp la k ap fè Inivèsite a mache epi nou ak pitit nou yo pa gen lòt kote pou yo ale, nou pwopoze :

1)       Pou Konsèy Inivèsite a ak diferan aktè yo òganize yon gwo chita tande sou kriz Inivèsite a

2)       Pou yo repanse modèl eleksyon segon degre k ap fèt nan Inivèsite a pou pèmèt tout aktè andedan Inivèsite a patisipe nan chwazi moun k ap jere Inivèsite a

3)       Relanse / redinamize espas asanble yo nan tout Fakilte yo, pou pèmèt tout antite andedan Inivèsite a bay dizon yo sou sa k ap pase andedan Inivèsite a

4)       Oganize bonjan deba nan Inivèsite a sou tout gwo desizyon enpòtan k ap pran nan espas la, tankou fè deba sou avan pwojè lwa kad Inivèsite a anvan li vote nan palman an

5)       Batay pou Inivèsite a gen anviwon 4 al pou 5 pou san nan bidjè nasyonal la pou li ka ranpli misyon li kòmsadwa

6)       Mete bonjan bibliyotèk Inivèsitè, bonjan laboratwa ak kafeterya pou pwofesè, etidyan ak pèsonèl administratif la konbat grangou

7)       Sispann tout pratik mounpayis ak jesyon anbatab k ap fèt andedan Inivèsite a

8)       Mete kanpe yon komisyon endepandan ki pou mennen ankèt sou jesyon dirijan yo nan tèt Inivèsite a pandan 15 a 20 dènye lane yo

9)       Mete deyò tout dirijan, pwofesè ak etidyan ki ta enplike nan pratik kòripsyon nan Inivèsite a, si gen bonjan prèv ki montre yo enplike nan pratik sa yo toutbon

10)   Reyentegre tout etidyan ak pwofesè Rektora ak dirijan Fakilte yo mete deyò an gwo ponyèt epi sa rezon valab

 

Pou òganizasyon yo :

  Oxygène David / Mouvement De Liberté, D’Egalité Des Haitiens Pour La Fraternité

 Ebens Cadet / Union Nationale Des Normaliens D’Haiti ………………………………

 Abel Loreston / Mouvman Vizyonè Desalinyen …………………………………………..

Guy Numa / Mouvman Demokratik Popilè ……………………………………………………

Micheldo Pierre / Mouvements des Jeunes Haitiens pour L’Avancement de la Lecture

        Edouardo Ilema Edouard / Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ……………

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Thursday - September 21, 2017

Weather: 28°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 37 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch