• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

 

Yon teks Iléus PAPILLON parapò ak de klarasyon Roberde CÉLINÉ alyas Bob C ki di : << Se ta prezans Chèf siprèm Vodou a an Ayiti ki lakoz inondasyon nan kapital Pòtoprens la>>. Dokiman sa vin jwenn radyo VKM Lendi 8 Me 2017 la.

 

 

Peyi Ayiti leve ak yon gwo sezisman mèkredi 3 me 2017 la a, lè “Roberde CÉLINÉ alyas Bob C, l’original le vrai, l’unique en son genre”, deklare nan mikwo radio Caraïbes FM, nan Jounal Premye Okazyon : « Se ta prezans Chèf siprèm Vodou a an Ayiti ki lakoz inondasyon nan kapital Pòtoprens jouk dlo pete epi vare sou èpòt Entènasyonal Tousen Louvèti a». Nou dwe raple, se yon èpòt ki pa gen okenn sistèm defans nan sa ki gen pou wè ak travay netwayaj ki ta dwe fè nan zòn kote li ye a. Se yon èpòt ki plante nan yon komin, san tèt ni fas, kote tout twou egou bouche, pa gen travay ibanizasyon ki fèt nan komin sa, pa gen okenn dekonjesyónman ki fèt, pa gen jefò ki fèt tou nan debouche kannal yo alewè pou otorite yo ta lanse yon operasyon dekochonnen zòn nan. Pozisyon kote èpòt la ye a, anba pye komin Taba, se kote dlo pete sou Leta san frape, malgre plizyè milyon dola deja debloke pou reparasyon èpòt sa a, se tankou anyen pa te fèt nan antouraj pòtdantre peyi a. Apre deklarasyon friz tenpan sa a Boc C te fin fè a, direktè ayewopò a te demanti Bob C lapoula, nan menm jounal la, lè direktè a deklare se yon travay malatchonn ki ta fèt nan pakin èpòt la ki lakòz briganday dlo gaye konsa ki fè èpòt la tounen kote pou idravyon plonje. Mouche a ak bouch li menm ankò ki te reprann pawòl direktè ayewopò a. Men sa Bob C te reprann nan jounal la : « Se yon move kalkil nan travay reyabilitasyon pakin ayewopò a ki ta lakòz inondasyon madi (2 me 2017) la, se pawòl direktè  ayewopò a. Daprè direktè a, direksyon ayewopò a deja konvoke responsab konpayi ki te fè travay rabache sa a pou vin bay detay sou dosye a. Direktè a kontinye pou di, anpil dispozisyon deja pran pou sa pa janm rive ankò». Malgre sa, mouche a pa tande li pa wè, li deklare se Vodouyizan ki responsab inondasyon sa yo. Kididonk, prezans reprezantan mondyal vodou a an Ayiti. An 2017, kote nan tout sosyete, entèlèktyèl tankou gwo popilas la ap chèche mwayen viv ansanm, an kowabitasyon, se pa moman pou yon pawòl san do ni fas konsa ta dwe repete. Sa ki pi rèd la, se yon moun ki gen mikwo nan bouch li epi anpil moun ap koute li. Pou antre klou a pi lwen, pi fon, Bob C di li pap mande okenn eskiz devan Sòsye. Kididonk, Vodouyizan se Sòsyè,  se lougawou, se djab... Sa tris anpil. Sitou nou nan yon syèk k ap kouri tout vitès nan nivo panse syantifik. Gen kèk moun ki mande èske nan moman lòt inondasyon yo nan peyi Ayiti, Chèf siprèm Vodou a te la ? Èske li te la Gonayiv ? Konbyen kote Chèf Vodou a pase sou latè ki inonde ? Nou swete Bob C reponn kesyon sa yo !

Deklarasyon sa fè plim kanpe sou do plizyè gwoup moun : moun ki rèspèkte kwayans sosyete yo ki se baz fondamantal yo, poto mitan epi wonn santral tout pèp; syantifik ki t ap koute Bob C nan moman an ki gen nen nan figi; moun ki metrize sa ki rele respè sou menm longè tout relijyon, sa vle di, yon Leta layik kote tout relijyon gen plas yo kòmsadwa(libète pou moun chwazi relijyon yo vle, fòs yo vle, Bondje yo vle san kontrent), sa vle di, akseptasyon tout kwayans relijyez; lòt gwoup moun ki plis blese apre deklarasyon malouk sa a, se pratikan Vodou yo. Kòm Ayisyen epi ansyen etidyan Fakilte Etnoloji, Inivèsite Leta Ayiti (soti 2008 rive 2012), deklarasyon limen dife sa pa ka rete san repons. Kòm moun ki gen respè pou libète ak diyite moun, nou deside bay yon repons gonbo cho, yon monnen pyès an pyas ak degouden paske nou panse gen anpil moun ki t ap koute, yo gen dwa pran pawòl lafimen sa a oserye. Sa pa mande yon karavàn, debloke gwo lajan sèvis siveyans ni sibvansyon pwason pou fè ou konprann nan ki kalite nich gèp ou foure kò ou la lè ou deklare yon koze kredi konsa.

Nan de tan twa mouvman, n ap bay pozisyon nou :

1-     Yon rapèl istorik pou Boc C. Yon fason pou li rive konprann ki sa Legliz li dan an ye, ki wòl legliz sa te jwe nan mete moun nan esklavaj, ki sa Vodou a ye epi tou fè yon koutje sou Ayisyen kòm pèp.

     Boc C, èske ou konnen kote legliz pwotestan an soti? Kijan li fè pran nesans ? Nan ki epòk? Pami tout gwo deblozay ki te pete pou legliz pwotestan te pran nesans, konbyen nan yo ki monte nan tèt ou? Epitou, èske ou byen konnen istwa “Roi James d’Angleterre? Bon, lè ou fin reponn, n ap mande ou, èske ou konnen poukisa anpil Ayisyen tonbe konvèti nan Pwotestan epi nan ki peryòd sa te kòmanse? 

N ap reponn ou sou fòm kesyon. Èske ou konnen Pwotestan ou ladan li an soti nan gwo flonn  divizyon ki te pete nan mitan legliz Katolik (pami sa ki te lakòz divisyon sa a) se te kesyon gwo magogo lajan ki t ap bwase nan kès legliz la pandan se nan pòch gwo prela yo lajan sa yo konn ale epi gen yon gwoup ki t ap gwonde anbachal? Èske ou konnen se menm gwoup moun sa yo ki soti anndan menm legliz Katolik la, pami yo, yon gwo nanm ki rele Martin LUTHER, ki te pete kòken lè li wè gwo lajan ap fèt li menm ak gwoup li a pa jwenn epi  y al fè pwotestan? N ap pale de legliz pwotestan ou ladan kounye a? Yon fason pou nou fè ou konnen, legliz ou a  soti nan mitan divizyon rèdsèch nan fè saf, aloufa pou lajan epi fè peche moun tounen machandiz pou peze nan balans. Ou dwe toujou sonje, se nan vann peche moun legliz Katolik t ap fè gwo lajan sa yo. Martin LUTHER te la. Li t ap swiv. Sa vle di, legliz Katolik pa te gen pwoblèm pou lave peche yon moun depi moun nan ka peye pou sa, menm si peche a te wouj tankou kramwazi. Se tankou dirijan legliz sa yo se te yon ti Bondje. Menm pratik sa yo toujou dandi nan legliz kounye a, yo sèlman fèt sou yon lòt fòm. N ap rezime. Nou rive wè gen de gwo pilye ki fè legliz ap jwe nan lòlòj lèzòm sou latè konsa :

A.       Legliz envante laperèz. Sa vle di, fè moun konnen yo pral nan lanfè si yo pa kouri konvèti. Kididonk, si yo pa chwazi Bondje, yo deja chire. Sa lakoz, moun yo pito ale nan jèn tout lajounen, kwochi jenou nan tann lamàn disyèl tonbe olye yo kreye mwayen pou jwenn travay epi fè presyon nan kò Leta k ap fè gaspiyaj nan trezò piblik la. Legliz fè fidèl yo konnen yo pa dwe antre nan politik. Sa parèt tris anpil;

B.       Dezyèm nan se bouche je fidèl yo. Legliz fè moun yo vin gaga, yon fason pou yo pa poze kesyon ki enpòtan nan lavi yo tankou, kondisyon sosyal ekzistans yo, anplwa, manje, bwè, etid, plezi, desten, aspirasyon, kay pou yo rete, elatriye.

2-       E nou menm Ayisyen…

Nou, Ayisyen, se yon pèp ki pran nesans nan kèk kondisyon istorik ki espesyal anpil. Nou se yonn nan ra pèp sou latè ki rive kraze konsepsyon ki t ap domine pandan 18è ak 19è syèks pase yo (avan sa menm jouk rive kounye a nan lespri kèk rasis), kote blan kolon yo te fè konnen, NWA pa MOUN. Nou te rive demanti yo. Nou di yo non, se pa konsa moun konpòte ak moun. Nan kesyon sivilizasyon, NWA montre yo pi an avans pase KOLON BLAN yo paske se nou ki montre BLAN sa ki rele MOUN. Kididonk, nou se eritye yon pèp kolon blan ewopeyen t al fouke, achte tankou machandiz nan mache an Afrik pandan 16è syèk la pou vin mete nan esklavaj sou moso tè sa ki rele Ayiti a. Blan yo te fè gran paran nou bourike pou yo ka konstwi richès yo. Se konsa, anpil gran vil nan mond lan rive konstwi ak gout san gran paran nou. Pingga ou janm bliye sa ! pandan plizyè syèk, moun ki di se yo ki pote sivilizasyon an te deside deklare gran paran nou yo pa moun, paske yo se NWA. Kolon blan di moun sa yo se objè, sa vle di yon bagay, yon moso bwa, yon choz, yon ranyon pise, yon twal kay te vo plis pase zansèt nou yo. Èske ou konnen se yon prèt Legliz katolik ki rele Pè Las Kazas, «Bartolomé De LAS CASAS», ki t ap pran pòz defann endijèn yo ak nwa yo, epoutan, se li ki te konn batize esklav yo pou fè yo konnen yo pa moun(pwosesis demounizasyon sa kòmanse anndan legliz). Kididonk, NWA dwe desann tèt yo lè yo wè blan. Pandan toutan sa a, esklav yo te anba lapli, solèy, kout frèt mete sou sa, tout kalite lòt chatiman menm bèt pa te ka sibi. Pa ekzanp, yon esklav te manje yon bout kann, sa te kont pou esklav sa te pèdi nenpòt pati nan kò li. Oubyen, sa depan de aksyon esklav la poze a, se yon plezi pou blan pran esklav la, fouye twou, plante esklav la tankou yon pye bwa, kite tèt li deyò epi pase siwo nan tèt li. Apre kèk minit, imajine ki dans fwoumi pral fè nan tèt yon moun ki plante nan tè. Gen lòt chatiman tankou pa ekzanp, mete yon mèch nan dèyè esklav, mete dife ladan li.  Se te gwo plezi, lè gen fèt, pou kolon blan eklate yon esklav tankou yon bonm. Èske legliz ka pale nou de Dwa moun jodi a oubyen akize Nwa sou zak ki rive nan sosyete a ? Èske ou konnen se menm legliz ou ladan li an ki te dèyè tout gwo  koze kriyote sa yo ? Mwen rete kwè ou konnen sa paske gen anpil istoryen ki fè rechèch sou kesyon sa yo. Èske ou konnen se menm gwoup moun sa yo(esklav yo), ki rete yon jou konsa, yo frape pye yo douvan kolon blan, kriminèl epi rasis sa yo pou di yo blan yo : «Non, se pa konsa moun konpòte ak moun !!!» Ant esklav yo ak kolon blan yo, kiyès nan yo ki konn valè moun plis? Ni ou, Bob C, ni nou, se pitit pitit moun sa yo nou ye. Nou se eritye yo. Se la nou soti.

3-       Pou kesyon rezistans Vodou a kòm filozofi, pratik kiltirèl ak relijyez

Nwa yo vin tounen esklav. Lè yo t ap soti an Afrik, yo te vini ak tout kokodjako yo, sa vle di, kwayans yo, imajinè kosmik yo, kosmogoni yo, idantite ak Pratik kiltirèl yo pou ateri sou bout tè sa, malgre se nan vye kondisyon yo te vini. Sonje, kolon blan te mare yo nan bato Negriye pou vin vide yo isit pi mal pase bèt. Malgre kolon blan kriminèl franse yo te fòse yo sèvi Bondje blan, yo te fè tankou yo aksepte, men, anbaba, yo t ap vide dlo atè, trase vèvè, nan tèt yo, se lespri ginen an, ki se sèl gid yo, se li yo t ap rele lè blan panse se Bondje pa yo a esklav yo t ap priye. Esklav yo te kwè se lespri ginen yo sèlman ki te ka retire yo anba chenn esklavajis ak gwo chatiman Bondje blan, Bondje loksidan ak kolon yo te mete yo a. Bob C , ou konnen, antwopològ yo rele fenomèn sa «Senkretis katololik vodou», sa vle di, yon melanj ant pratik ki soti nan relijyon katolik la ak kèk pratik ki chita nan vodou a kòm filozofi epitou kòm fason pèp ayisyen an konprann lavi. Yon entèpretasyon lavi. Vodou a plis pase yon relijyon, « se nanm pèp ayisyen an», daprè yon gwo save ki pote non Jacques-Stéphen ALEXIS. Vodou a charye tout sa pèp ayisyen an genyen anndan li, kwayans li, rezèv kiltirèl li, rèv li, vizyon li, elatriye.

Ou pa janm mande poukisa Québec, Canada yo fete Saint-Patrick ak gwo defile kote gason ap jwe mizik ak jip long sou yo ? Poukisa Étas-Unis selebre Halloween ak yon bann imaj tètchaje, rad ouvèlekò sou tout moun? Ou pa janm di anyen sou imaj kètounen ki nan lajan ameriken yo ? Grenn je ki sou tèt triyang ki nan dola ameriken an pa di ou anyen? Èske se MAJI BLAN oubyen se maji Bondje a ki pa pwoblèm? Èske se sòsye ameriken yo ye tou paske yo gen yon bann pratik ki sanble koupetèt ak vodou a tou, pa ekzanp, imaj yo itilize nan lajan yo? Poukisa  La France selebre Notre-Dame de l’Assoption, Pucelle d’Orléans, petit Thérèse ak Fête d’Arles lakay yo? Malerezman, ou antre nan menm lojik lokisidan ki se, destriksyon tout mit, kwayans popilè ak kilti pèp ayisyen an ! Petèt ou ka fè sa san ou pa konnen. Èske ou konnen, nan ane 1980 yo, pami kat H Etats-Unis te konsidere kòm maladi nan mond lan, Haïtien te nan H sa yo? « Homosexualité » te ladan li tou ! jodi a, pami peyi ki vote lwa sou « Homosexualité » taye banda nan mond lan, èske se Haïti oubyen États-Unis ? Sonje, États-Unis se peyi ki toujou pote Labib sou tèt li epi fè konnen se nan Bondje tout kwayans li chita? Ki rapò Bondje genyen ak « Homosexualité» ? Ki sa ou di pou kesyon sa yo ? Kounye a «Homosexualité» pa maladi ankò ? Malgre deklarasyon ou a fè anpil machwè gonfle, ou twouve sa pa kont, ou deklare ou pap mande eskiz. Èske Vodouyizan konn al lage bonm pou touye plizyè milye moun nan kèk minit sèlman an Azi? Èske Vodouyizan yo konn lage bonm sou lopital apre pou yo di se te yon ere direksyon ? Èske vodouyizan konn fè bonm nikliyè pou eseye anba  latè ? Èske se Vodouyizan yo k ap fann fwa planèt la ak lafimen ki soti nan gwo faktori/izin/biznis kapitalis yo (yonn nan gwo operasyon lèzòm ) k ap detwi kouch ozòn yo ki la pou pwoteje nou kont reyon solèy la? Èske se Vodouyizan k ap deboudare planèt la nan fè gwo esè anba lanmè ak nan lespas epi envante gwo aparèy pou fouye twou toupatou anba vant tè a ?

An 1941, èske se Leta, Legliz ou ladan oubyen Vodouyizan ki te mache koupe pye bwa toupatou nan peyi Ayiti yon fason pou te mete move lespri deyò nan peyi a? Nou pa te vle reponn ou, men, si pawòl degrenngoch ou a rete san repons, se tankou sosyete ayisyen an te bwè li glòt ! pa gen koze konsa ! frè Makandal mande ou, pou nou retounen sou aspè sa malgre nou te di li deja, èske ou janm chita pou ou fè rechèch sou « Kanpay rejete» ki te mennen nan peyi Ayiti sou lobedyans Leta ayisyen ak legliz katolik soti ane 1939 pou al bout 1942 yo, kote yo t ap klèwonnen koupe gwo pyebwa tankou mapou, sèd, figye, twonpèt ak akasya ? Èske ou konnen sa te fèt sou pretèks denmon, djab, move lespri abite nan pye bwa sa yo? Se yonn nan aksyon ki pwal ban nou yon bann mòn tèt kale wòz ki pa ka reziste anba menm pise twa krapo, alevwa pou kenbe 3 jou lapli? Sou François DUVALIER, kiyès ki te konn mache koupe pye bwa nan peyi a pou kouri dèyè kominis ? Kiyès ki responsab pou fè amenajman tèritwa, ibanizasyon, dekonjesyónman vil yo ? Se Vodouyizan ?

Zafè bay yon sektè relijye responsab sò, madichon ak malediksyon yon peyi a, deba sa yo depase lespri moun ki fòme depi sou prezidan bann machwè. Malrezman, gen lespri chode ki retounen ak yo jodi a. Sa fè lapenn, lè nou konnen gen anpil elèv k ap tande radyo a. Ou pa ta fè radyo Caraïbes sa. Yon gwo estasyon konsa, ki gen tout tan sa l ap defann kilti pèp la !  nou konnen gen moun nan radyo a k ap mande tèt yo, ki pawòl lanvè mouche sa ap repete konsa nan zòrèy etidyan, elèv lekòl ak machann pistach? Nou pa nan laj pyètaye ankò kote moun ki t ap viv nan epòk sosyete nomad yo te konn kwè fenonmèn natirèl yo se yon Bondje ki te konn responsab yo. Ak devlòpman syanzimèn ak sosyal, lèzòm rive fè depasman sa yo lontan. Depi kòmanse sou Platon, pase pran Aristote, Hérodote, Emmanuel-Joseph SIEYÈS, Auguste COMTE, Émile DURKHEIM, Bertrand RUSSEL rive sou Emmanuel KANT se kèk pami gwo pilye entèlèktyèl ki ede limanite  nan travay depasman sa.  Nou refere ou : Auguste COMTE, Cours de philosophie positive. Paris, Au siège de la société positiviste, p. 2-3 (1ère éd. 1830). Eseye jwenn tèks sa. Li disponib sou entènèt la. Ou pap pran anpil tan ladan pou lekti a. Depi piblikasyon La loi des trois états, Auguste COMPTE lan, zafè sa yo eklèsi syantifikman. Daprè COMTE, limanite konnen twa eta( teyolojik, metafizik ak syantifik oubyen pozitif). Men, sanble gen kèk moun ki rete toujou nan premye eta, kote yo pa rive jwenn eksplikasyon syantifik pou konprann fenomèn yo, yo chwazi bay lanati oubyen lespri pote chay. Se sa menm ou fè la a.

Nan ka Pòtoprens lan, se pi rèd. Yon vil ki wè twoub konsa, yon vil ki fatige, yon vil ki mande repo, yon vil k ap pote yon rado chay lou pi rèd pase pwasenkant depi 1749 li poko janm mete li atè, yon vil san pantalèt konsa, kijan ou fè bay Vodouyizan responsab paske vil Pòtorpens koule ? Nan ki sa Vodoyizan ye nan zafè inondasyon ? Èske ou konnen kantite lajan ki debloke nan non vil sa nan kesyon Petro Caribe ? Yon vil kote pa gen okenn planifikasyon ibèn ki fèt ladan depi lè wa te kaporal, yon vil ki pran dife plizyè fwa epi pa janm gen ankèt, yon vil kote gen moun ki t ap travay nan Leta ki deklare, gen gwo chèf ki pito  peye lajan pou bouche twou egou yon fason pou yo fè lajan lè lapli, yon vil tèt nan fouk, yon vil kote tout kanal bouche, fatra toupatou, twou egou je lanvè, yon vil kote pi fò pye bwa fin disparèt, kote ki ta dwe gen ravin se chanm kay plante… kijan ou vle pou lanati pa fache menm!!! Yon vil Leta bay legen epi ou di se Vodouyizan ki responsab inondasyon li… Èske se Vodouyizan ki lakoz pa gen bon jan politik ki defini sou kesyon :  planifikasyon ibèn, pwoteksyon forè, sous do, mòn, rivyè, kanal, antretyen wout, basen, elatriye? Ki sa Vodouyizan gen pou wè nan koupe pyebwa ? Ant Vodouyizan ak Legliz, kiyès nan yo de a ki plis pwoteje pye bwa ? Kiyès ki pi pre pyebwa ? Sa Vodouyizan gen pou wè ak kannal ki bouche akoz demisyon Lameri ? Sa pwotestan yo fè pou anpeche salmalaza sa yo ? Bon, an nou fè yon lojik , si Bondje pwotestan yo fò konsa, poukisa li kite Vodouyizan ap fè dega konsa devan je li, jan ou di a? Ki sa legliz fè nan kalite mizè k ap souke bil sosyete a ? Ede nou idantifye kèk aksyon legliz ou a poze ki pèmèt pèp ayisyen an soti nan labou li ye depi dikdantan. Boutofen, nou vle prete yon pawòl Jacques ROUMAIN te di Père Froisset nan ane 1940 yo pou fè ou konnen, Ayiti pa gen pwoblèm relijyon, pwoblèm vodou, pwoblèm ni lwa (lespri ki nan Vodou) ni Lwa( ki vote lachanm). Pwoblèm peyi Ayiti, se goumen kont MIZÈ SOSYAL. Etabli yon sistèm ekonomik nen nan figi. Pratike jistis ekitab, kote se pa sèlman moun nan klas defavorize a ki ka pran prizon tankou, pa ekzanp, lè yo kenbe kèk moun po lanvè nan vye zak an Ayiti, yo pa pase anpil tan nan prizon, yo lage yo. Sa apèn sot fèt semèn pase la a. Dwe gen jistis tou nan distribisyon richès peyi a kote se pa yon ti gwoup k ap manje tankou chamo epi lòt yo ap mezire grangou yo. Se nan kreye bon jan kondisyon pou moun etidye, jwenn travay, jwenn kredi, fè karyè pwofesyonèl, kreyasyon atistik, louvri pòt bay lasyans antre, fè rechèch syantifik, sant etid, ekòl teknik, mete nen nan vizaj inivèsite nan peyi a, elatriye., se konsa Ayiti ap rive vanse, transfòme tout bon vre, se pa nan bay Vodouyizan responsab. Ou dwe aprann konnen sa : Pagen okenn sosyete ki ka avanse san kwayans li, pratik kiltirèl ak relijye li yo, pratik sosyal yo, tradisyon yo, Konesans mistik, lang li (nan ka pa nou an, se kreyòl ayisyen). Sa rive anpil fwa Ayisyen chwazi yon bann relijyon san kalkil, se nòmal, depi yon sosyete pèdi fren, li deraye, li ka fè nenpòt wout. Pa gen pwoblèm tou si yon moun chwazi Bondje li vle, relijyon li vle, nou respekte chwa tout moun. Tout sosyete sou latè, pou yo avanse, fòk yo rete mare ak kilti yo paske kilti yon sosyete se eleman fondamantal, sa vle di, aspè total kapital nan fonksyónman pèp la. Kilti yon pèp se ren sosyete a. Kilti yon pèp jouke pèp la danbann epi li pèmèt moun yo fè fas ak tout kalite sitiyasyon. Yonn nan bagay ki fè enpòtans yon sosyete se eleman li genyen lakay li yo epi lòt sosyete yo pa genyen an. Se fòs li. Se baz li. Sewonn santral li. Tout moun ki byen fòme, yo respekte kwayans ak chwa relijye lòt moun. Moun ki gen lespri laj pap janm gen pwoblèm ak kèlkeswa relijyon an paske li konnen, menm bonm niklyeyè pa ka konvèti moun vrèman. Bob C, sanble ou wè twoub, pa kite pawòl madichon mennen ou nan chimen tèt nan fouk kote menm zòrèy ou ka rive bare tande ou. Pa kite inyorans ak feblès lespri pote ou ale nan repete betiz san mezire. Pingga ou janm inyore yon gwoup moun, yon sosyete, yon kategori, yon pèp ale wè yon sivizilasyon ki rete kole ak pratik jete dlo atè li pou pale ak fòs li kwè ladan li yo. Chak sosyete gen kwayans pa yo. Ou ka chwazi kan kolon an ak tout sa yo charye dèyè yo kòm eritaj malouk ki toujou rete kole nan letanp yo. Pa janm bliye sa : Kòd Nwa legliz te kanpe dèyè li a pa konsidere moun NWA kòm moun. Èske ou se yon moun ki NWA ? Nou espere refleksyon sa a ap rive ede ou konprann libète  nou  genyen jodi a sou bout  tè sa a, menm si li manke moso, nou sou okipasyon fizik ak mantal toujou, men, se eritaj ki pi chè, ki pi bèl epi ki se yonn nan pi gwo patrimwàn zansèt yo kite pou nou. Menm si ou mande pou mete peyi a sou pwotektora, n ap raple ou, 1915-1934, blan meriken te la, al gade nan paj listwa nou, w ap wè si yo pa te benefisye plis pase sa yo te fè, se yo ki te vòlè rezèv lò peyi a. Blan pap janm vin devlope peyi a pou nou. Dayè, yo patisipe nan mete nou kote nou ye la, malgre yo toujou jwenn yon bann sousoupannan ki deside jwe wòl trètmakiye, Nwa-Blan, souflantchou ki soti nan mitan nou, koulè nou. Malgre sa, pa panse Ayisyen gen plis defo pase Blan. Sonje, apre 12 janvye 2010, CIRH-Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’Haïti depanse 9 milya dola ameriken, se gwo blan melanje ak kèk ayisyen boudachire ki te nan tèt komisyon lawont sa a, menm yon kalòj pijon CIRK pa rive fè nan peyi a ak voum lajan sa yo. Kote rekonstriksyon sa pase ? Kote blan yo pase ? Kote ansyen prezidan ameriken ak ansyen premye minis ki te nan tèt CIRH la pase ? Pa janm gen sosyete lòt peyi ap vin devlope. Retire sa nan tèt ou. Se sitwayen ayisyen ki dwe gonfle fòs yo ansanm pou goumen kont modèl Leta pèpè sa ki la sèlman pou sèvi klas dominant lan depi lè yo te fin touye Desalin nan. Se te yon parantèz.

Bob C, ou wè bout tè sa a, zansèt nou yo bay san yo pou li. Respekte zansèt nou yo. Gen respè pou sosyete a. Refleksyon sa se yon monnen pyès. Twa pawòl ak de bouji limen pou ranvwaye move lespri ki kouche nan kalbas tèt ou a. Sa parèt tris lè se yon Ayisyen ankò ki deklare lagè ak pwòp eritaj kiltirèl ki fè fondman sosyete kote li fèt la. Resezi ou ! mande eskiz paske ou se vodouyizan, eritye  seremoni Bwakayiman mwa dawou 1791.

 Ayibobo!

 

Iléus PAPILLON

Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

Etudiant stagiaire à Université Laval, Québec, Canada

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Thursday - May 25, 2017

Weather: 28°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons un invité et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm

 

Rechèch