Kek fonksyonè nan sektè piblik la espesyalman sendika sektè nan ledikasyon ak sante mache jan yo te anonse l lendi premye me 2017 la nan komin Okay pou mande bon jan tretman pou fonksyonè yo ak res popilasyon an nan jwenn sèvis piblik yo deja peye pou yo.
Demare douvan sant sante 4 chemen an, kontestatè yo ak pankat, bandwòl kek fwa kanpe nan plizyè kafou pou delivre yon mesaj bay otorite depatmantal yo. Nan kek pankat nou te ka li " Leta vòlè , gagotè, piyajè sendika yo pa vle mòd Leta sa a. Sendika yo p ap bay legen. Sendika yo ap goumen pou yon Leta responsab."
Mach sa a fèt 8 jou anvan 2 jounen grèv avètisman kek oganizasyon sendika deja lanse pou lendi 8 ak madi 9 me kap vin la nan tout peyi a nan lekòl piblik yo. Grèv, manifestasyon aksyon sa yo pa premye mouvman Ki fèt nan depatman Sid la. Men pi fò nan yo pral fann lè otorite yo kowonp antèt yo nan fè fò pwomès
Sendika yo ta dwe chanje estrateji anfas mòd Leta enjis sa nan kontre fòs ak popilasyon an pou yon veritab leve kanpe.
Max-Imbert Marcelin, VKM