• [javascript protected email address]

Radyo VKM an dirèk

MaximeMaximes Jules, veterinè, patisipe nan emisyon <Goute Sèl> radyo Vwa Klodi Mizo lendi 26 desanm nan rele anmwe pou jan Ministè Agrikilti fèmen je sou kalite vyann popilasyon an ap konsome san kontwòl nan depatman Sid la kou rès peyi a..

Doktè bèt la denonse ministè agrikilti ki pa aji sou kesyon ijèn anviwonman pi pa egziste nan komin yo. Abatwa pa egziste ladan yo. Pa mande pou gen simityè pou antere bèt ki mouri yo nan bi pou evite popilasyon an. Bèt yo ap manje nan fatra, tout sòt debri, labou, sachè elatriye poze pwoblèm sante pou zannimo yo kou pou popilasyon an ak keksyon elevaj toupatou nan peyi a.

Pou veterinè Jules, okenn moun pa ta dwe touye okenn bèt lakay li, menm sa yo di ki pi piti yo, tankou poul, kana, kodenn elatriye. Paske chak zannimo dwe gen yon kanè ki bay enfòmasyon sou eta sante li. San kanè, yo pa ta dwe touye l san analiz.

Pou li, se elvaj lib la olye elvaj nan pak ki ap fèt nan peyi a. Bèt yo elve nan lari vil yo kou nan zòn andeyò yo.

Lè bèt yo lage, sitiyasyon sa a pa san konsekans sou lavi moun san konte anviwonman an. Yo antre nan jaden, manje, ravaje plantasyon, detwi ti pyebwa kèk moun plante.

Akote pwoblèm rebwasman elvaj lib la lakòz, rale keksyon : pwodiksyon, tranpò ak dividal maladi ki ap rive sou popilasyon an ki ka touye l la pou la oubyen dousman dousman.

kochonPou pwodiksyon poul ak kochon senpleman, si gen Leta pou elvè yo, se yon mwayen anplis pou yo   jwenn aktivite nan sa ki gen pou wè ak pwodiksyon lokal. Leta a pito lage mache sa nan men gwo envestisè yo nan fè sa yo vle, pa ede elvè yo jwenn mwayen pou fè aktivite sa a.

Pou transpò a, pa gen mo. Sitwayen yo pa vwayaje nan bon kondisyon, pa pale pou transpò bèt yo ki deja nan yon soufrans anvan yo touye ye. Fason kamyon yo ap transpòte yo, se yon mwayen pou yonn kontamine lòt.

Li site maladi: chabon, tetanos, techenn, fyèv poul elatriye ki ka mete lavi moun andanje sitou sila yo ki pa gen gwo mwayen yo.

Yon lòt kote menm lè vyann lan byen kwit , konsomatè yo ap kouri ris pa yo. Li pran egzanp yon bèt ki pran antibyotid, vèmifij pou yon pwoblèm sante ta dwe pran pou pi piti yon mwa pou antibyotik la, oubyen 15 jou pou vemifij la soti nan vyann li anvan moun ta manje l. Tou sa a pou evite pwopagasyon kèk maladi moun ka pran jan sa konn abitye fèt nan peyi a kou nan peyi etranje.

Maximes Jules, pwofite keksyone rapò ministè Agrikilti ak Resous Natirèl fè soti sou kantite bèt ki mouri aprè pasaj matonton siklòn Matye a. Si pa gen kontwòl sou kalite vyann popilasyon an ap manje, Pa gen kanè pou yo, pa ka gen okenn estatistik vre sou kantite bèt ki gen nan peyi a.

Denye gwo kanpay vaksinasyon pou bèt nan peyi a fèt sa gen plis pase 15 lane. Se prèv chif sa yo pa kenbe, Men pou fason peyi a devaste, li panse gen anpil, anpil bèt pyebwa touye, epi van kou dlo bwote ale kou moun ak plantasyon ravaje nan 7 depatman Matye frape yo.

Politik sa a, elvaj lib la pa gen lòt entansyon. Se fini ak klas peyizan oubyen elvè yo nan kase ren mwayen pwodiksyon yo.Tank gen pwoblèm sa se pou plis bèt ka disparèt, se mache a k ap rantre plis nan men gwo envestisè yo. Alèkile se pou elve yo antre nan òganizasyon, asosyasyon yon fason pou konnen se politik newoliberal la ki ap anvayi yo.

 

Max-Imbert Marcelin,VKM

Ajouter un Commentaire


Code de sécurité
Rafraîchir

OPEN

Tuesday - April 25, 2017

Weather: 24°C

 Winamp, iTunes      Windows Media Player      Real Player      QuickTime

Kiyès ki sou sit la

Nous avons 16 invités et aucun membre en ligne

Podcast radio vkm